Skip directly to content
  • 2023 08 07

    07 08 2023 dyalòg avèk Olès

    • Milanda pa t’ pote li twò byen. Li lakay depi samdi.
    • Milanda te sot tonbe soti sou yon moto twa wou, aprè sa kawoutchou dèyè moto a te pase sou pye li. Nan menm jou a nou te mennen li nan lopital Piyon, konsa yon òtopedis te mete pye li nan bot. Entèvansyon sa te reyisi. Li genyen pou li retounen lopital la nan 4 semèn. Men daprè rezilta radyografi a tout bagay te korèk. Kounye a fòk nou tann.
    • Manmi Olès malad akoz tansyon li ki twò wo, konsa li ale Pòtoprens pou li jwenn ak yon doktè. Nou espere ke movèz fwa yo pa bloke li nan wout.
    • Operasyon nan je Oles yo te yon siksè. Li wè pi byen kounya. Li menm tou li gen yon randevou pou kontwòl nan 4 semèn.
    • Yanskian ap pran swen tet li ak medikaman natirèl pandan l’ap tann li genyen ase lajan pou l’al wè yon doktè Sen Domeng, petèt nan mwa desanm.
    • Nou vin rann nou kont ke nou te twonpe paske nou te aksepte resevwa Kerline. Manman li vivan ni Papa li tou men li andikape. Yo vle repran pitit fi yo paske yo kapab ede li.
    • Nan peyi d’Ayiti, pa gen sekirite. Wout nòmal pou ale nan Kapital la (RN 1) li bloke de tanzantan akoz bandi yo. Se menm bagay la tou pou tout lòt wout yo. Tout moun ap espere ke solisyon an ap vini apati peyi etranje. Yo di ke kas ble yo ap soti nan peyi Kenya, pou yo vin retabli lòd nan peyi a nan dat 15 daout sa la.
    • Se pa fasil tou pou labank yo. Gen kèk nan ti bank yo ki fè fayit. Gen lòt ki pa ouvri souvan, menm nan Okap kote Olès toujou al pran lajan likid. Sa fè kèk tan se zanmi ak pitit gason li William k’ap ede li. Se sa ki pemèt li fonksyone nan ofelina a.
    • Nan Sen Jozèf tout mozayik yo fin poze. Ni sou macheskalye a ki mennen nan chanm timoun yo tou. Semèn k’ap vini la n’ap kòmanse travay nan douch ak twalèt yo. Bòs la pral enstale tiyo k’ap kondui pou jete dlo sal yo avan tout bagay.
    • Kelkeswa se traktè oubyen makòn bèf rabouraj tè a te fini. Nou te plante pwa kongo ak diri. Pistach la gen pou li okipe yon espas ki mezire 6 Ekta. Gino, yon neve Olès ki te konn ede nou deja nan tan pase yo, te fè antre yon traktè, men nou poko genyen zouti (tankou yon chari pa egzanp). Eske l’ap posib pou nou ta fè yonn soti an Bèljik ?
    • Nou espere resevwa nouvo timoun. Men fòk yo gen laj pou ale lekòl, nou ka di pou pi piti 3 zan.
    • Nou poko achte laptop la pou Yanskian
    • Tout jèn yo ki kite òfelina te resevwa 1 000 dola. Yon sèl nan yo ki pa resevwa tout lajan li mande yon avans pi devan l’ap vin prann rès la.
    • Vyann vin tèlman chè, Olès ap mande eske li pa ta dwe retounen ak elvaj la avèk yon dizèn kochon.
    • Djeff ak Islande dwe double klas yo.
    • Oles ap fe m’ konnen nan jou k’ap vini la yo, konbyen kòb l’ap bezwen pou ane lekol la.
    • Enstalasyon kouran an ak tretman dlo a ap byen fonktyone.
    • Oles te achte yon ti pisin pou timoun yo.
  • 2023 08 07

    05 08 2023 What’s App Olès

    Yè lè niu te rive Piyon mwen pat gentan enfòme nou. Pasaj nou te bon. Sa te pèmèt pwosesis la ale menm pi vit ke nou te  panse. E byen pase. Ricardo deja nan wout pou al chèche yo. Se Calèb ki te rete ak li.

    01 08 2023 What’s App Olès

    Mwen pa ka ale lakay jodi-a. Koz wout la, kote mòn Kabrit bandi prèke okipel chak jou. Map vye depi yo bay pasaj poum ale

    27 07 2023 What’s App Yanskian

    Bòn fèt Osjosma. Bòn fèt Papi Frans ak Papi Olès. Bòn fèt ak tout moun ki kontribye pou Osjosma sa li ye jodia. 17 tan pa 17 jou, n'ap kontinye travay. Joyeux anniversaire.

    20 07 2023 What’s App Yanskian

    Bonjou ekip la men rezilta tout elèv yo, sèl Jeff ki poko genyen paske li te rate egzamen li yo. genyen reyinyon ki pou fèt pou jere ka sa, n'ap tann retou Papi Olès.

    14 07 2023 What’s App Olès

    Pou Jaden an, pwa kongo yo ak diri a kòmanse leve. Men se Yon sèl lapli nou jwenn depi apre plante a. Nou espere jwenn plis lapli.

    14 07 2023 What’s App Yanskian

    Timoun yo ap pwofite vakans yo, menm si yo poko pran kanè. Menm jan tankou gade sinema, sote kòd, fè desen pou marenn parenn yo se Yonn nan pi bon moman distraksyon.

    14 07 2023 What’s App Yanskian

    Semèn sa tout timoun fin konpoze. Yo di ak kè kontan ke yo byen konpoze, men se rezilta yo k'ap pwouve sa. le 20 nan mwa sa tout timoun ap gen kanè.

    19 06 2023 What’s App Olès

    Se kounya tè yo te jwenn twóp lapli. Se kounya yo ka laboure paske gen kèk jou lapli pa tonbe. Mwen an kontak pou laboure pou nou nan senmenn sa. Map mande Yanskian fè foto lè yo kòmanse.

    19 06 2023 What’s App Olès

    Bonswa chak manm ekip la. Jan mwen te anonse nou deja, mwen te antre Sendomeng depi dimanch swa pou operasyon nan zyem yo. Yè mwen wè doktè-a, mwen fè tout ekzamen nan zye yo. Doktè-a mandem fè yon evalyasyon Kadyoloji mwen pa gentan jwenn rezilta poum te opere demen, nan yon zye. Nan 15 jou li tap fè dezyèm la nan lòt zye-a. Paskem pa gentan gen rezilta. Mwen oblije tann lòt mèkredi paske se jou mèkredi li vini. Ma enfòme nou ankò.

  • 30 05 2023

    30 05 2023 dyalòg avèk Olès

    • Timoun yo ak tout jèn moun yo anfòm. Sèlman Kerline ki te gen yon ti dyare
    • Yanskian ap kontinye pran medikaman pou trete pwoblèm kè li a epi Olès vin trè byen aprè vizit li te fè kay yon doktè oftalmològ nan Sen Domeng. Sa ki bay Yanskian plis pwoblèm se Valv ki nan kè li a ki gen yon ti fuit. Aprè li te fin konsilte nan 4 lopital diferan, li vin konnen ke pwoblèm nan pa twò grav. Pou li plis asire, li gen pou li ale nan yon lopital Sen Domeng. Madanm li te gen yon ti enfeksyon irinè men pou kounye a li anfòm. Yanskian ap suiv yon rejim, se poutèt sa madanm li fè manje pou li apa. Finalman li fè manje pou tout fanmiy lan, konsa yo pa manje nan manje ki prepare nan kizin nan òfelina a. 
    • Sitiyasyon an nan peyi a toujou pi grav. Men pèp la kolabore avèk lapolis. Politisyen yo ap kontinye diskite antre yo sou ensekirite a. Men pa gen anyen ki chanje. Se tout move atitid sa yo menm ki koz ke pèp la ap poze kèk ak akonpanye ak lapolis. Nan sid peyi a tout bagay poze. La a, bandi pa ka vin ouvè zèl yo la. Nan Okap te gen yon batay pou kwape bandi ki vin anpeche moun patisipe nan fèt lokal yo nan Vètyè. 18 me, fèt drapo a te selebre nan vil la san okenn pwoblèm.
    • Avan yè te gen yon kanbriyolaj nan òfelina. Yo vòlè 6 ansyen pano solèy, avèk kèk kivèt yo te konn lave rad ladan yo. Vòlè yo antre nan depo garaj la san yo pa kite okenn tras remakab. Pòt yo rete tou ouvè, pa gen pèsonn ki te remake anyen. Olès t’al pote plent nan lapolis.
    • Nou pa gen plis ke yon femèl chen, men li fè pitit. Pliske li dwe bay ti chen yo tete li pa ka veye tout bon. Sa gen deja yon mwa, depi li te jape pou fè vòlè yo pè. Fwa sa nou pa t’ pèdi anyen.
    • Yo te livre nou tout mozayik yo. Bòs la pral kòmanse travay apre demen. Deluxon ap ede li, sa ap pèmèt li mete fòmasyon li te jwenn nan an pratik. Pifò lòt mesye yo ki te suiv menm kou sa ak li, yo nan bouk la toujou, yo menm tou yo kapab vin ede. Fòk nou tann tou lòt bòs douch la ki gen pou li vin refè kanalizasyon yo tou.
    • Tout moun k’ap travay nan a òfelina gen pou yo jwenn yon ogmantasyon nan mwa sa menm. Lavi chè a oblije nou fè sa.
    • Enstalasyon trètman dlo a ap byen fonksyone. Nou pa gen ase dlo pou nou ta vann anpil chak jou. Men pa gen anpil kliyan ki motive paske yo genyen lajan.
    • Li posib pou nou kapab resevwa kèk timoun pandan vakans ete sa.
    • Sezon pou moun plante dwe fini nòmalman 15 jen. Jiskounye a toujou gen anpil lapli.
    • Frans fè nou konnen ke Wilde Ganzen mete sou kont nou yon bidjè anviwon 7.000 dola. San dout lajan sa ap rive nan semèn sa k’ap vini la.
    • Kounye a bèf yo jwenn manje pou peze grangou yo. Zèb yo byen pouse.
    • Chemen ki te trase pou teras anplis yo fini nèt.
    • Gen anpil nan timoun nou yo ki te kite òfelina pandan sis mwa ki sot pase yo la, ki ale Sen Domeng. Petèt ke yo ka resevwa laba, yo èd sosyal e psikolojik si yo kapab pote prèv ke yo te pase yon pati nan anfans yo nan yon òfelina. Olès ap bay yo atestasyon sou sa.
    • Yanskian ajoute ke yo fè gwo efò pou ekonomize kouran pandan jounen an. Gras ak sa toujou genyen kouran pou lannuit.
    • Yanskian : Ponp ki nan pi a te toujou konn fonksyone gras a dèlko a, men kounye a li an pan. jous kounye a nou poko ka jwenn pyès la pou nou chanje li. Teknisyen an ki te ale Pòtoprens pou achte pyès la, pandan l’ap vini bandi pran tout sa li te genyen. Yo te menm pran machin nan tou. Lapolis te jwenn vòlè sa yo, e nou espere ke mesye sa rejwenn tout afè li yo.

    Yanskian : Malgre anpil efò ke Mèt Junior ak mwen menm nou fè, mwayèn lekòl timoun yo toujou pa bon.

  • 30 05 2023

    29 05 2023 What’s App Olès

    Mw kòmanse ak kloti a kote vwazen yo( kote defen andikape-a ) menm si li pwovizwa sa ap eden sekirize lakou-a pou kèk ane

    17 05 2023 What’s App Olès

    Samdi a yon zanmi relem pou di gen yon kontenè seramik ki rive okap nan MSC. Konsa yè mw te antre Okap. Mw achte tout kantite nou te gen nan devi a. Mw pat jwenn machin poum vini ak yo. Se jodi-a mw òganize ak Beljemps  li deja ale chèche yo pou mw.

  • 25 04 2023

    25 04 2023 dyalòg nan telefòn avèk Olès

    • Tout moun anfòm.
    • Judeline fin geri nèt. Grann li te vle mennen li lakay bòkò, men erezman yo te mande konsèy ak yon doktè, konsa li te etène lopital pandan kèk jou. Grann li, li menm tou te kontan anpil.
    • Deluxon li menm tou, li geri nèt apre operasyon li te fè nan kou lè li te gen gwo klou.
    • Olès pa pimal apre li te fin pran tout medikaman yo te preskri li. Men eta sante zye li ap deteryore.
    • Yanskian te santi yon doulè nan zòn bò kè li. Li pral chèche jwenn yon viza pou li ale Sen Domeng kote li kapab jwenn yon pi bon swen.
    • Sitiyasyon an nan peyi vin pi mal chak jou. Nan Pòtoprens, asasina ak kidnapin se sa k’ap fè aktyalite. Pri gaz ak lavi chè a, ap ogmante chak jou. Labank yo ouvè men risk pou ale retire lajan an vin pi gran toujou. Depi nan mwa Mas, Olès rekòmanse ap prete lajan. Pa gen jwèt nan fason yo trete gwoup gang yo men se pa yon fason ki respekte tout prensip lalwa mande. Yo di ke se espyon ki sot Larisi ki antre nan peyi a. Popilasyon an espere ke Etazini ap fè tout sa li konnen pou li pa livre peyi a nan men Larisi.
    • Yo poko janm pale sou posiblite ki genyen pou eleksyon, menm preparasyon pa genyen
    • Mozayik yo sipoze rive Okap. Tout siman ak fè pou teras yo deja livre pou teras la.
    • Tout ebenistri yo nan Sen Jozèf te refèt nèt pa Yanskian.
    • Aprè midi a, yon teknisyen te vin kontwole enstalasyon trètman dlo a, si li ta vin fonksyon byen ankò, n’ap kapab rekòmanse ak biznis vann dlo trete a. aktivite sa te kanpe nan kòmansman epidemi Kowona a.
    • Olès ap esplike kondisyon lavi chè a, pandan li pran kèk egzanp. Sa fè anvion de zan, 7.000 goud te kont pou achte manje pou yon semèn. Pou kounye a w’ap bezwen 15.000, 16.000 epi menm 18.000 goud. Yon sak chabon te koute 100 goud pou kounye a li 150.
    • Olès te reyisi boukle bidjè li avèk mwens kòb ke kantite ki disponib la, se sa ki pral pèmèt li ogmante yon ti kras sou salè yo. Sa fè deja twa zan depi nou pa fè sa, nou kapab di depi nan dènye vwayaj Papi Frans lan.
    • Pou kounye a nou poko ka voye anyen. Paske nou pa konnen si machandiz yo ap rive nan destinasyon yo.
    • Bèf yo te nan difikilte pandan yon ti tan. Veterinè a te fè yon ti pase. Kounye a zèb kòmanse pouse vin gen kont manje. Nou espere ke sa ap mete yo anfòm
    • Olès swete itilize rès tòl nou gen nan depo a, pou konstui yon kloti pwovizwa. Paske gen twòp bèt vwazen yo ki vin manje lakay nou epi yo menm manje flè yo. Se poutèt sa l’ap pi bon pou nou rete a distans ak moun ki pa gen bon entansyon yo.
    • Yon òganizasyon nan Pòtoprens ki ta renmen plase timoun k’ap soti nan kapital la nan yon espas ki sekieize te vin vizite nou. Piske nou genyen plas, Olès pral verifye ki posiblite ki genyen. Petèt ke se òfelin yo ye, nou ka di se jèn timoun. Epi l’ap byen veye pou ekilibre kantite fi ak gason.  
  • 25 04 2023

    16 04 2023 What’s App Olès

    Mwen lakay kounya. Mwen te rete  Potopwens pou yon jou. Mwen pat gen mwayen Sendomeng, poum te achte sa nou tap bezwen pou pi bon fonksyonman dlo a. William pretem kòb nou achte yon gwo manbran, 2 chabon, 2 filtè ak 4 galon anti askalin. Nan senmenn nan teknisyen an ap vini pou travay pou nou. Depi tout bagay byen.  Nap rekòmanse vann dlo.

    30 03 2023 What’s App Olès

    Bòn nouvèl. Kounya Nerlande ekrim pou di doktè-a ap ekzeyate Judeline jodi-a poum vin chèchel. Map degaje pou al chèchel.Judeline pi bon. Li pa gen dwa manje, manje ki gen sèl nan moman yo.Li gen anpil medikaman lap kontinye pwan. Te gen yon pwoblèm nan ren ki koz pipi li te san ak pwoteyin. Koun pipi pi nòmal.

    27 03 2023 What’s App Olès

    Medikaman yo kòmanse fè bon efè pou Judeline. Li komanse dezanfle, yèswa li byen dòmi.

    25 03 2023 What’s App Olès

    Finalman Judeline ospitalize. Doktè-a bay refè ekzamen yo. Gen 2 ki te fèl yèswa Emogram ak sèl yap jwenn rezilta jodi-a. Yo te wè li gen dlo nan poumon . Li kòmanse pran medikan pou pwoblèm sa. Nou te kite Ench yèswa byen ta. Nerlande te ale ak nou. Se li ki rete ak li ki responsab pou tout sa Doktè yo ap bezwen.

    24 03 2023 What’s App Olès

    Judeline te gen gwo pwoblèm pou respire nou te oblije ale nan yon lòt lopital. Pa gen Oksijèn nan lopital yo. Doktè-a ba nou yon transfè pou nou ale Piyon ou byen Ench. Nap tann li jou pou nou ale. Fè priyè pou li pou rès nwit lan.

    23 03 2023 What’s App Olès

    Nou te ale lopital ak Judeline maten-an. Nap tann rezilta ekzamen yo. Li toujou poko bon.

    21 03 2023 What’s App Olès

    Judeline pa anfòm. Li gen maladi po, li anfle tou (gwo). Ricardo ap pwan swenl. Nap swiv poun wè avan nou ale lòt kote avè.

    20 03 2023 What’s App Olès

    Lòtre jou mwen te Okap. Mwen te eseye mande nan tout magazen nou konn achte seramik. Pat genyen. Gen ki fèmen. Gen youn tou pre kafou Lanmò. Yo te ba mwen nimewo. Mw te rele yè. Yo dim dim gen Seramik kap antre nan fen mwa sa. Mwen mande Beljemps poul pase pran yon pwofòma pou mwen. Depi nou jwenn seramik pap gen pwoblèm poul lòt materyo nan bezwen.

  • 2023 03 07

    07 03 2023 dyalòg nan telefòn avèk Olès

    • Isit la tout moun anfòm. Gen kèk nan timoun yo ki te gen pwoblèm sou po kò yo men nou genyen medikaman apwopriye pou sa. Timoun ki te malad sou po yo se Judeline, Mirlanda, Manoucheca ak Islande. Se te yon pakèt ti bouton ki grete anpil. Yo tou le kat te pèdi yon jou lekòl.
    • Sitiyasyon an nan peyi a toujou pa bon. Tout wout pou ale nan Pòtoprens bloke, epi pyès moun paka rive laba san li pa pase pa Plato Santral. Menm moun k’ap soti nan Gonayiv ak Sen-Mak oblije retounen pou yo pase pa Sen-michèl.
    • Nan Sen-Michèl nou konn tande kèk fwa tire, epi tou gen moun ki konn viktim. Nou kapab di se kèk bandi ki vle pwofite sitiyasyon grav moman an.
    • Asanble jeneral la pa bay anyen menm se desepsyon sèlman. Se sèlman yon entèvasyon entènasyonal ki te kapab pote yon solisyon. Sanble ke Kanada gen entansyon pou bloke piyaj k’ap fèt sou lanmè a. Lapolis menm ap eseye pou yo pran kontwòl peyi a.
    • Jiskaprezan nou poko kapab enpòte materyo pou konstriksyon yo (pou renouvèlman Sen Jozèf la). Olès ap eseye konnen si rimè ki fè konnen genyen  materyo yo nan Okap la fonde, Frans ap voye lajan pou sa.
    • Yanskian fini avèk travay pentire ak vèni pou pòt yo. Tout pòt yo ak tout chanbrann yo repare. Rete sèlman pòt douch yo, ak PVC yo ki pou ranplase menm jan tankou kanalizasyon an ak robinè yo ki pou repare.
    • Yanskian te sinyale pou salon an tou pou li repare ak tout kousen yo.
    • Tout kabann ak matla pou Sen Jozèf yo te achte deja.
    • Sistèm pou trètman dlo a toujou ap fonksyone, men manbràn yo pa ka pwodui anpil dlo, se yonn nan rezon ki fè nou pa kapab vann dlo nan moman an. Olès ap ransenye pou li achte lòt manbràn nan Sen-Domeng  paske yo mwen chè laba a.
    • Pi a vin pa gen dlo ditou. Nou jwenn dlo nan dlo leta twa fwa pa semèn. Basen an nan Sent-An toujou plen. N’ap toujou tire dlo yon fwa pa semèn depi nou jwenn pyès pou jeneratris la. Pyès k’ap pèmèt nou repare jeneratris la nan rout. Olès ap enfòme nou yon fwa li repare.
    • Pano solèy yo toujou netwaye chak fwa. Nou chaje batri yo chak maten avan midi pou nou itilize kouran nan aprè midi. Batri nimewo 8 la toujou ap bay pwoblèm. Nou pa kapab jwenn yon batri nan menm modèl sa an Ayiti.
    • Tout egzamen ki te fèt apre vakans Nowèl yo fini. Gen kèk nan kanè yo ki pa gen bèl mwayèn. Yanskian ak Junior ap fè tout sa yo kapab pou nou kapab rezoud pwoblèm sa. Sanble ke gen nan timoun yo ki twomatize ak tansyon sa k’ap renye nan bouk la.
    • Nan moman an la genyen anpil plas, paske anpil nan jèn yo kite òfelina a depi nan mwa Janvye. Gen nan yo ki fini etid yo. Olès te jwenn kèk demand pou antre timoun : se yon ti gason 5 kan ak yon tifi 3 zan.
    • Nou esplike ak tout fanmiy yo ke yo pa gen dwa vin chèche a chak fwa sa fè yo plezi yon timoun ke yo te deja konfye nou, menm si se pou yon ti kout moman.
    • Yanskian mande yon nouvo laptòp. Men nou poko kapab voye machandiz, li pral chèche achte yonn an Ayiti.
    • Prèske tout timoun ki kite nou yo genyen nouvèl ki pozitif. Gen nan yo ki kontinye etid yo avèk lajan ke yo te resevwa lè yo t’ap soti nan òfelina a. se menm bagay la pou Ronaldo ak Ilianette.
    • Jeandelet te pati san li pa kite tras pandan anpil mwa. Li te vin fè yon ti parèt, Olès pa vle repran l’ ankò. Li gentan majè.
    • Nou te santi byen fò isit la tranbleman tè a ki te pase sa gen kèk semèn. Kèk nan pòt yo nan Sen Franswa pa fin byen fèmen.
    • Tout jaden yo vrèman sèk.
  • 07 03 2023

    22 02 2023 What’s App Yanskian

    Daprè nouvo pwogram ministè edikasyon nasyonal te soti, se egzamen nan mwa fevriye sa ki prime. Tout elèv te fin konpoze depi avan konje kanaval sa la. N'ap tann rezilta yo. Demen lekòl Pè ak lekòl Mè ap reprann. Gen lòt lekòl tou se lendi.

    16 02 2023 What’s App Olès

    Nou te gentan nan dòmi. Men gen anpil kote nan peyi-a li te souke fò. Mw poko gen nouvèl si gen dega.

    02 02 2023 What’s App Olès

    Wi gen anpil nan peyi-a ki preske pèdi espwa. Ki pa vrèman bon. Mwen panse jan sitiyasyon-an ye nan moman yo la. Sitou o nivo potopwens ak alantou. Mwa fevriye-a pa ta dwe pase pou   entènasyonal pa ta pran yon vrè desizyon. Se sa majorite moun nan peyi-a ap tann.

  • 24 01 2023

    24 01 2023 dyalòg nan telefòn aveek Olès

    • Tout moun anfòm. Tout lekòl nan bouk ap degaje yo òganize premye egzamen yo ki sipoze fèt nan tan Nowèl sa la. Sof lekòl ki twouve yo nan zòn kote bandi ap kontwòle yo, men nou ka di nan peyi a, lekòl ap fonktyone nòmalman.
    • Tout premye gwoup jèn yo, ki te suiv yon fòmasyon anplis, yo prèske ale depi 8 janvye. Gen nan yo ki ta renmen pran yon fòmasyon pwofesyonèl pandan en an. Tankou, World Shaddaï pral lakay sè li nan Sen-Mak pou li ale lekòl epi Wilken pral suiv yon kou sou Otelri lakay fanmiy li nan Okap. Ronaldo prevwa pou li pati avèk frè li petèt nan Sen-Domeng. Wilner pral retounen tou lakay lakay frè li Anderson ki te deja Sen-Domeng depi yon bon bout tan.
    • Fanmiy Charlanda tande nouvèl ke li malad, konsa yo te vin chèche li, pou yo mennen li lakay bòkò. Menm bagay la te vin pase ankò avèk Danise kèk jou aprè. Olès Pwopoze pou nou pa repran de tifi sa yo ankò. Se pa fasil ditou pou fini avèk bagay sipèstisyon sa.
    • Ta sanble ke Frito genyen yon papa. Li fenk libere soti nan prizon epi li fè konnen ke l’ap vinn pran Frito. N’ap tann nouvèl sou sa.
    • Nan tout peyi a, sitiyasyon an, an jeneral toujou pa bon, nou ka di nan kèk zòn bagay yo an jan amelyore. Men pa nan Pòtoprens ak zòn anviwon yo. Rebèl yo pa twò manifeste opozisyon yo, men se degradasyon total. Nou pa wè okenn entèvansyon ki vini kòm èd soti nan peyi etranje, malgre yo te anonse ke yo t’ap rive depi 9 janvye. Madam Maniga (ansyen kandida a laprezidans) ta sipoze antèt yon asanble nasyonal. Men san èd entènasyonal la sanble sa p’ap posib. Yo pa gen okenn konfyans ankò sou premye minis Ariel Henry. Tout moun ap tann yon entèvansyon entènasyonal.
    • Lajan pou mwa Janvye a te byen rive, menm jan tou pou lajan mwa desanm nan, sou kont bankè Gibson Etienne (pèsonaj ki aktyèlman ap vann nou materyo pou konstriksyon yo). Li gen anpil kouraj pou li antre labank ki nan vil la pou li retire lajan.
    • Petèt nou ka kòmanse ale nan Pòtoprens nan fen mwa Janvye a pou ale chèche mozayik yo pou travay nan Sen Jozèf yo. Konsa, Yanskian tou ap ka kòmanse travay ebenis yo.
    • 5 etidyan Gonayiv yo jwenn rezilta yo. World Shaddaï te voye bilten pa li a. li fè mwayèn 74 sou 100. Se domaj ke nou pa gen mwayen pou nou kapab ede yon moun konsa ki fè yon si bèl nòt kontinye etid li.
    • Rekòt la pa bon ditou. Menm pri nou te depanse nan semens lan nou pa jwenn li. Tout abitan yo nan Plato Santral ap pleyen pou move rekòt yo fè Poukisa? Paske nou pa ka jwenn semans yo nan bon lè, paske lapli a vin tonbe twò ta epi lè li resi vini li tonbe twòp, paske peryòd sechrès la te twò long, ki vin suiv twòp lapli ki te genyen ki touye tout plant yo… yon pakèt move sitiyasyon ap gate san rete, travay nou yo. Pou kounye a li gentan gen yon mwa depi lapli pa tonbe. Ane pase, rekòt diri a te rive jiska 14 doum, kounye a nou pa gen plis ke yon doum edmi.
    • Tout pwoblèm ki rive sou agrikilti a vin fè pri manje monte yon fason ki enkyetan anpil. Pou yon dola US, w’ap peye kounye a 140 a 150 goud (pandan ke sa gen sèlman yon lane depi ou t’ap peye l’ 100 goud). Yon sachè spageti pa egzanp te koute 400 goud sa gen sèlman en an, pou kounye a li koute 3.000 goud
    • Olès pwopoze pou kòmanse aktivite agrikòl yo ane sa, nan mwa mas. Petèt nou ka pi byen prepare pou nou afwonte move tan ak chanjman sezon an pote.
    • Twa gason pami premye mesye yo, Deluxon, Muradieu ak Caleb, atire atansyon nou avèk lespri pozitif yo. Deluxon te suiv yon kou sou Karelaj epi li gentan reylize kèk reparasyon nan òfelina a. Ansanm ak de lòt mesye yo, li se responsab tout bèt yo. Olès ankouraje yo avèk yon ti kòb.
    • Olès ta renmen rekòmanse ak elvaj kabrit la k’ap genyen ladan yon bouk ak 7 femèl kabrit. Li ta renmen tou redemare elvaj kochon an. N’ap fè anpil ekonomi si nou pwodui pwòp vyann pa nou. Yon kabrit koute 10.000 goud (65 ewo) epi yon kochon 6.000 goud (40 ewo).
    • Te gen volè ki te antre nan òfelina a. Yo vòlè yon jeneratris nan kay ponp dlo a. Fòk nou di tou ke jeneratris sa te an pân. Lè volè yo ap eseye pou yo vin antre yon dezyèm fwa, chen nou an te kouri dèyè yo epi Olès te tire kèk bal.
    • Tout timoun yo te pase yon egzamen medikal avèk de pitit gason Olès yo ki te fè etid yo nan medsin. Nan moman egzamen sa yo, yo te retire yon boul grès pou Deluxon.
    • Myriam, pitit fi Olès la k’ap viv nan Boston ta renmen pou yonn nan doktè yo (Manno) al spesyalize li nan maladi ki bay enfeksyon an Ewòp, pou plis presizyon nan peyi Lafrans. Li mande nou pou nou fè demach pou li.
  • 24 01 2023

    04 01 2023 What’s App Olès

    Mesye dam yo kòmanse kite  Òfelina. Wilken, Josué, Robenson, Osnèl. Yo deja ale. Ilanette tou deja ale. Ronaldo ak Ricardo yo pwale jodi-a. Ilanette ak Nerlande yo pwale nan wikenn kap vini-an. Wilner te mande poun kenbel jiska 15 janvye. Paskel te pran yon lòt pwofesyon nan yon lòt ekòl pwofesyonel. Lap gradye nan jou kap 15 lan.

    01 01 2023 What’s App Olès

    Bòn ane a chak manm ekip la ak fanmiy. Mw swete nouvèl ane sa pote la pè anjeneral nan tout mond lan Pou la vi kapab respekte. Yon Kalen a chak mann ekip la. Map espere wè kèk nan nou ane sa.

Pages