05 03 2024
05 03 2024 dyalòg nan telefòn avèk Olès
- Pa genyen pyès moun ki malad. Tout moun anfòm.
- Tout lekòl ouvri nan Sen Michèl. Nan Okap, lekòl yo refèmen pòt yo. Erezman, gwoup bandi yo pa gen okenn pwoblèm ak etidyan yo.
- Sitiyasyon an nan peyi a vin pi mal chak jou. Gwoup bandi yo mete tèt yo ansanm. Se sèl yo menm ki gen kontwòl peyi a. Yo pran kèk nan komisarya yo. Èd ONU yo pa ka ateri. Ariel Henry, 1e minis ki an fonksyon an, pa gen okenn pouvwa. Pèp la tonbe nan rebelyon kont tout moun ki reprezante otorite nan peyi a. Peyi a ap fonksyone nan sans miwo miba.
- Pou kounye a pa genyen anyen nan jaden yo. nou gentan antre tout rekòt yo. Pwa kongo a ak diri a tèlman byen donnen ke nou pa bezwen al achte.
- Nan moman an la, li fè tèlman sèk, ke pa genyen ase zèb pou bèf nou yo.
- Tout pòt andedan yo nan Sent-Àn fin monte. Sèlman kle yo ki poko enstale. Fwa sa nou monte pòt yo avèk 4 kouplè olye de 2.
- Nouvo pi a ke nou te bay fouye a pou kounye a li rive nan anviwon 12 mèt pwofondè. Nou prèske rive nan nivo pou jwenn dlo a. nan moman an nou fon ti kanpe sou foraj la.
- Nou genyen yon lòt koneksyon nan dlo leta a. li soti nan pwent lòtbò mi ki bay sou lari a. pou kounye a nou jwenn kont dlo.
- Sanble ke tout bagay kòmanse ap byen pase pou ak notarye yo ke nou dwe genyen. Premye yo te pèdi akoz lanmò sibit notè nou an.
- N’ap chèche mwayen pou nou agradi elvaj la (kochon, kabrit). Pi devan nou gen pou nou jwenn yon òf.
- Jef Knoops patisipe ak Yanskian nan yon diskisyon ki gen rapò ak de pwoblèm teknik : yonn se sou enstalasyon anpoul-LED ke Pè Hoet te bay pou fè gwo limyè tankou pwojektè epi tou si se posib pou nou limen chajè batri yo.