Skip directly to content

12 12 2023

11 12 10 2023 What’s App Olès

Mwen fè kòmand poul yo. Pè-a koute 1500 goud. Se agwonòm kap ede nou nan jaden kap pote yo pou nou demen dye vle. Mw tou bay poul achte 4 sak manje a 6500 goud pri yon sak  pou yo tou

 

10 12 2023 What’s App Olès

Nan yon mesaj mwen te voye 28 septann pase.  Mwen di nou gen dèt 140 000 goud pou Maçon se sou materyo mwen te achte pou travay ti teras yo, Kalaj paske devi sa yo te fèt jèn ane pase. Nou pat refè yo. Plis 115 000 goud pou William ki te achte tout bagay pou douch yo pou nou ak kòb pal.

06 12 2023 What’s App Olès

Map degaje pou jwenn valè montan ou voye-a poun kòmanse travay touswit. Paske ensekirite-a toujou red nan peyi-a. Patou nan peyi-a nèg ak zam ap mache gwo jounen san krent lapolis. Depim kòmanse map fèw konnen.

27 11 2023 What’s App Olès

Nou agrandi jaden an  rive dèyè Sen Franswa. Pat gen devi pou jaden legim. Men map note tout depans yo pou fakti-a. Pou lòt jaden-an. Map prepare fakti-a apre rekòt yo.

25 11 2023 What’s App Olès

Sa se pwawo yap simen. Deja o mwen 8 kalite semans ki simen. Deluxon ap tou pwofite fè pratik ak agwonòn nan.

21 11 2023 What’s App Yanskian – verslag les aan de vier die niet naar school kunnen.

Atelye travay ak timoun yo ki poko ale lekòl. Pafwa yo desine. Berlandine gentan konn kenbe kreyon li byen. Yo kapab idantifye pati deyò nan kò yo an fransè ak kreyòl. Yon pwogram telechaje sou entènèt la ap pèmèt nou byen avanse ak yo.

21 11 2023 What’s App Olès

Nou jwenn anpil lapli sitou senmenn ki sot pase a. Prèske tout semèn lan lapli 24/24 San solèy. Se yè solèy la rekòmanse. Anpil kote nan peyi-a  gen gwo inondasyon. Sitou nan sid. Lapli sa yo bon anpli pou diri nou kap donnen.

13 11 2023 What’s App Olès

Mwen kòmanse fè prepare tè pou nou fè legim. Gen yon agwonòm ki vin travay pou William nan plante pye bwa. William bay responbilite pou eden nan sa. Li deja achte plizyè kalite semans . William kap peye agwonòm lan ak achte semans yo. A pre sa pou tout lòt sèvis yo se mw pap peye yo. Nou kòmanse kote nou te plane chou tou prè chanm papi Frans lan pou rive kote poulaye-a.

12 11 2023 What’s App Olès

Se premye pi nou genye a kote Sen Jozèf. Kom nou pwoblèm dlo souvan. Mwen te mande mesye sa, poul vin netwayel ak pou ogmante pwofondè a pou mwen.  Metye li se fouye pi. Li te desann nan pi a. Malerezman li enposib paske pi a bimen ekaji plis pase 2 mèt anba nan lajè. Sa vin prezante yon danje pou kay Sen Jozèf paske se nan direksyonl bimen an ap vanse. Pou sa li banm garanti li ka fouye yon pi pou nou, pou nou pa janm manke dlo. Li teste kote nap jwenn dlo. Konsa nap ka jwenn tè kap soti nan nouvo a pou nou bouche ansyen an rapid pou anpechel kontinye bimen. Dlo leta pa regilye se yon fwa pa semèn e li pa antre ak presyon nan ofelina paske vin gen anpil moun nan zòn lan ki pran priz. Rezèvwa Sen An te fini, se achte mweb te achte 2 sitèn dlo ak yon kamyonèt mete nan rezèvwa Sen An.