Skip directly to content

14/11/2022

14 11 2022 Entretien téléphonique avec Olès

  • Tout moun an bòn sante. Olès li menm l'ap pran medikaman yo epi li santi li byen. Li ta dwe monte Pòtoprens nan fen mwa sa pou yon lòt kontwòl men sa pa pral fasil ditou.
  • Sitiyason yo nan peyi a pa bon menm menm. Nan Sen Michèl li pa twò grav. Pa konn genyen manifestasyon. Men tout lekòl rete fèmen depi apre gran vakans lan. Ou kapab ale Gonayiv, Okap ak Sen Rafayèl detanzantan malgre manke gen gaz nan pei a. Mache a ap fonksone nòmalman, men tout bagay rete tèt nèg. Tout labank yo fèmen epi nou pa gen lajan likid. Olès prete nan men pitit gason li ni nan men kèk komèsan. Lavi a tèlman chè se pou sa anpil moun ap mouri grangou. Avan sa yon moun te kapab viv avèk 500 goud pa jou ; men kounye a se yon tas kafe ki koute pri sa.
  • Detanzantan, anpil Ayisyen ap eseye sove pou yo ale Ozetazini pa lanmè. Men pandan tan sa genyen yon sèvis kontwòl ki mete kanpe toutotou peyi a pou anpeche tout evazyon. Sanble ke te genyen yon negosyasyon ki te fèt avèk Kanada pou ede Ayiti mete lòd nan peyi a.
  • Chak maten, Yanskian ak Junior fè tout jan yo kapab pou yo akonpanye timoun yo ak jèn yo nan devwa yo.
  • Etidyan Gonayiv yo poko jwenn rezilta yo. Piske yo p'ap kapab kontinye etid yo, li posib pou yo pa resevwa rezilta yo. Illianette ak Ronaldo te ale pou yo debarase epi netwaye apatman an. Yo pa kapab pote avèk yo tout sa yo genyen paske transpò machin nan koute twò chè. Yo depoze tout bagay yo lakay yon manm nan fanmi yo.
  • Ricardo aprale nan mwa desanm nan. Sandout frè li Ronaldo ap akonpanye li.
  • Jeandelet te kontakte nou nan dat 3 septanm ak 3 novanm. Li te sèlman di ke l'ap rete pi lontan lakay fanmiy li ke semèn li te mande a. Olès twouve ke li pa gen plas li ankò nan òfelina a.
  • N'ap kòmanse ak premye saklaj yo nan jaden an. Lajan ki te la pou jaden an li preske fini. Li pa fasil menm pou nou jwenn travayè, epi travay yo vin pi chè. Rekòt diri preske bon. Pwa kongo yo menm ap soufri paske te genyen twòp lapli.
  • Travay renovasyon nan Sen Jozèf yo kanpe paske yo pa kapab vini ak materyo yo nan bouk la. Randisaj yo epi dal la tout sa yo gentan fini deja. Olès te rekòmande yon dam pou mennen timoun yo lekòl depi li ouvri. Pou Kounye a, timoun ki pi piti yo abiye pi byen, yo byen penyen epi yo toujou pwòp.