Skip directly to content

15 03 2021

22 02 2021 dyalòg nan telefòn avèk Olès
Nou tout, nou anfòm. granmoun kon timoun.
Duran, neve Olès la epi gran chofè a, ki toujou akonpanye Frans nan Pòtoprens, te gen yon maladi nan sèvo sa gen de semèn. Pou kounye a, li pa lopital la ankò, li pa pimal. Men pwosesis gerizon an pral dire ankò anpil tan.
Kowona pa vrèman gaye nan peyi Ayiti. Se sèlman nan Pòtoprens bagay la pi grav, men nan tout rès peyi a yo prèske pa pale de sa menm.
Kondisyon lapwòpte a an jeneral li pa pi favorab menm jan tankou mèzi yo pran pou pwoteje moun yo, li pa pridan pou yon moun soti lakay li. Risk pou plis moun kontamine, sitou nan vil yo, li egziste nan chak kwen nan lari a.
Ensekirite a vin pran manm akoz sitiyasyon politik la. Prezidan an konteste kont pawòl ki di ke manda li dwe fini 7 fevriye epi li vle rete sou povwa jiska 7 fevriye 2022. Opozisyon an menm mete sou plas pwòp prezidan pa yo.
Frans fè konnen ke yon vwayaj pou ale an ewòp rete toujou enposib. Yanskian poko ka vini kounya.
Bòs ki dwe vin enstale fenèt yo nan Sent-Àn nan ap kòmanse semèn pwochèn epi li pwomèt ke li p’ap pèdi tan.
Ide pou nou genyen materyèl agrikilti ak bèf yo pa dezenterese Olès, men li atire atansyon sou sa, paske tout kote nan peyi a, y’ap vòlè bèt ki ka rale chari ak lòt kalite bèt ankò. Pou byen di, li pa twò fasil pou achte yon chari ki adapte. Li ta dwe fèt sou yon mezi pa yon bòs ferayè lokal.
Tout òf ki te la pou revalorize Sen Jozèf epi pou li adapte ak tout bezwen yo, yo tout preske fin antre.
Twa mesye ki pa ale lekòl ane sa, yo tout yo mete dakò avèk Yanskian pou yo pentire Sen Jozèf.
Basen an nan Sen Franswa plen. Pou kounya nou pa twò itilize l’ paske sosyete distribisyon dlo a ap byen fonksyone. N’ap konsève dlo nan basen an pou lè nou gen bezwen.
Enstalasyon dlo trete ap fonksyone nòmalman. Nou poko reprann kòmès vann dlo a ak kliyan nou yo pou yon rezon sekirite.
Enstalasyon kouran an tou ap byen fonksyone. Lòt jeneratris la ki te vini nan mwa desanm nan avèk lòt bagay yo poko ap sèvi. L’ap ranplase lòt ti jeneratis la ki pa t’ fin anfòm nèt.
Tout kochon yo mouri. An Ayiti, maladi kochon te deklare, konsa prèske pa gen kochon okenn kote nan peyi a.
Tout rekòt yo antre. Rekòt pwa kongo a te pi piti ke ane pase. Pitimi an vin pwodui mwens akoz de yon maladi. Si nou pa t’ plante pwòp danre pa nou li t’ap difisil pou nou toke kòn ak lavi sa. Pri anpil machandiz de baz yo prèske double nan yon ti kras tan.
N’ap chache pou nou jwenn yon lekòl pwofesyonèl nan Gonayiv pou twa mesye yo ki lakay nou depi yon lane. Kote sa, l’ap pi fasil pou yo jwenn yon lojman ki pi kovenab.
Preparasyon teren an pou pwochen rekòt la ap koute 70.000 goud (762 ewo) pou chak kawo. Yon kawo koresponn ak 1,29 ekta. Nou genyen 8,5 kawo (11 ekta). Pou legim yo plante n’ap pike tè a. pike tè a ak saklaj la ap koute 170.000 goud (1.850 ewo) anplis.
Anderson vle vwayaje pou l’ale jwenn fanmiy li. Pwojè li a pran ti reta. Se fanmiy li k’ap achte tikè pou li.
Twa jèn fi yo ki rete Pòtoprens yo te vin gen pwoblèm ankò akoz twoub ki te genyen lavil la. Yo te resevwa ase kòb pou yo achte yon nouvo telefòn entèlijan. Men yo poko ka ale achte l’.