Skip directly to content

18 01 2021

18 01 2021 dyalòg nan telefòn avèk Olès
  • Tout moun anfòm. Pa genyen yon gwo pwoblèm lasante ki grav. Tanzantan kèk nan timoun yo konn gen ti fyèv oubyen yon blese. Mis Merceda toujou prè.
  • Tout lekòl la peye nèt. Willam te prete m’ yon ti kòb. Li ta dwe jwenn kòb sa deja, men lajan pou peye dèt sa rete labank toujou jiskaske nou kapab retire li an sekirite.
  • Paspò Anderson nan prè. Li vini nan òfelina pou l’ ka tann nan ki dat l’ap pati. Li vle ale Brezil, menm jan tankou yonn nan frè li yo te fè l’ deja.
  • Ronald te mal konpòte l’ epi li ta dwe al pase yon tan lakay fanmiy li nan bouk la kòm pinisyon. Fanmiy li rete andeyò, ki pa pre bouk la. L’ap twò lwen pou lekòl li. Konsa li pral genyen yon lòt fòm sanksyon (okipe tout bèt yo) pandan Olès ap met bon kontwòl. kanmenm Li te fè ekskiz.
  •  Tout rekòt yo antre. Sèl pitimi an ki pa t’ fin bon. Rekòt sa te montre ke l’ap bon men apre kèk tan, sa gate. Paske te gen yon maladi ki te tonbe sou yo. Tout rekòt yo (pwa kongo, diri, pistach, pitimi) ap sèvi pou nou manje.
  • Nerlande, Milourde ak Myrna k’ap kontinye etid yo nan Pòtoprens te rele an patikilye. Mwen te dakò avèk yo pou m’ ba yo 100 dola ameriken kòm avans sou 1.000 dola ameriken ke yo genyen lè y’ap kite òfelina. Avèk kòb sa yo vle achte yon nouvo smartphone. Ofelina pa an mezi pou achte pou yo yon lòt telefòn paske sa yo te genyen an depi apèn de zan te kapab itil yo jiskaske yo fini etid siperyè yo a.
  • Selon enfòmasyon nou resevwa, Maudeline te pran nan yon maladi kronik. Ivette trè byen.
  • Twa mesye yo ki rete lakay nou pandan en an, avan yo reprann lekòl, y’ap patisipe nan tout aktivite epi lòt travay ki genyen anplis.
  • Machandiz yo ki te vini sou lanmè pa konntenè a te byen byen rive. Chak moun te jwenn nouvo rad, ni medam yo nan Pòtoprens ak Yanskian avèk fanmiy li. Manmi Olès triye rad ke nou p’ap itilize yo pou bay oubyen vann. Livrezon an te vin pi chè. Lajan transpò a te vin ogmante anpil, paske sitiyasyon peyi a pa t’ bon ditou.
  • Pyès pou bis la ke yon manm nan fanmiy Olès dwe fè vini depi Ozetazini an nan rout.
  • Vyolans la vin gaye pi rèd nan peyi a. Prezidan Jovenel ap kite pòs li 7 fevriye 2021. Tout pri ap ogmante. Eleksyon pou pòs prezidan te dwe gentan fèt deja. Ap gen yon nouvo gouvènman tranzisyon jous an 2022 lè genyen yon nouvo prezidan ki eli.
  • Kowona prèske absan an Ayiti. Tout moun prèske pa pote kachnen ankò sof nan lopital yo. Pandan tan sa peyi vwazen nou an Repiblik Dominikèn ap pran gwo frap. Malgre sa pa gen okenn entèdiksyon ki fèt pou pase frontyè a pou soti nan peyi sa pou ale nan lòt.
  • Anplifikatè pou sinyal entènèt la poko janm rive.
  • Yo kòmanse ap fè semans ankò nan jaden sou teren an
  • Pè Antoine, nouvo Prèt la, di nou mèsi pou òdinatè yo ke li te resevwa ki soti an Bèljik yo (CM-Limbourg)
  • Pè Jackson, prèt pawas vwazen nou an, Badso, te fè yon ti jalouzi.