Skip directly to content

29 11 2024

29 11 2024 dyalòg nan telefòn avèk Olès epi Yanskian

  • Tout moun anfòm
  • Yanskian ap fè travay pentire Sent-Àn nan avèk Deluxon epi Muradieu. Men pou sa ki konsène travay repentire Sen Jozèf la, l’ap sou kontwòl yonn nan ansyen timoun òfelina a, ki te pwopoze èd li, non li se Wilner.
  • Sante timoun yo ki t’ap suiv trètman yo, vin pi pasab chak jou. Wilkervince li menm li dwe ale de tanzantan kay doktè nan lopital Ench. Randevou sa rate plizyè fwa paske te gen chanjman nan planifikasyon nou yo pou travay agrikilti a.
  • Demen Olès ap kapab presize pi byen ki dat k’ap bon pou li ale Ench
  • Rekòt pistach la pa bay anpil rannman. Sou chak 7 mamit nou plante nou jwenn 10 mamit.
  • Rekòt diri a ap kontinye li bay yon bon rannman. Tan an te jwe yon gwo wòl nan sa. Ni plante ni sekle ni rekòlte te jwenn chans pou yo fèt nan bon lè. Lè diri a fin sèch n’ap kapab al bay moulen li nan komin vwazen nou ki se Sen Rafayèl. Pwa kongo a ak pitimi an yo menm, n’ap rekòlte yo apre diri a, sa ka fèt nan mwa desanm nan oubyen janvye. Tout rekòt yo byen prezante. Nan jaden ki nan òfelina menm, nou plante manyòk, patat, bannann ak kann.
  • Sitiyasyon an nan peyi a toujou poko janm amelyore. Nan Pòtoprens toujou genyen chak jou bal k’ap tire. Nan Okap siyasyon an gen risk pou li gate tou paske pèp la nan kapital la ap ede lapolis goumen ak bandi. Konsa gang sa yo ap chèche kote pou yo abrite yo.
  • Kosèy prezidansyèl la ta dwe bay demisyon li, daprè sa anpil moun ap di nan lari a. koripsyon an ap miltipliye epi tou frekantasyon gang yo vin rann travay pouvwa an plas la difisil. Se nan pwovens pa nou an ak nan Pòtoprens siyasyon an pi grav.
  • Ofelina a ap ede anpil fanmiy pou yo kapab viv nan moman difisil sa yo paske n’ap ofri travay.
  • Nouvo timoun yo byen adapte yo. Yonn nan yo, Punchy, te malad nan dwèt li pa ale lekòl jodi a.
  • Tout bagay vin pasab avèk Djeff depi aprè Olès te gen yon konvèsasyon serye avèk li. Depi mèkredi li patisipe nan rekòt la, menm jan tankou lòt timoun yo.
  • Pak kochon an fini, sèlman pòt yo ki rete. N’ap bezyen achte bwa ankò pou twa nan pòt yo.
  • Se toujou yon danje pou ale retire kòb labank. Se yonn nan rezon ki fè genyen nan travay yo ki pa arive fèt. Lajan pou peye moun k’ap travay, pou pentire, pou fouye fòs pèdi a tout rete labank yo poko retire.
  • Gwo jeneratris la an pàn.
  • Man Henry pa ka travay ankò nan lakizin. Yo ranplase li ak de moun k’ap travay demi mwa.
  • Depi lontan, Mizou te gen gwo difikilte pou li okipe timoun ki pi jèn yo. pi devan nou pral ranplase li pa yon jèn dam ki gen timoun deja. L’ap gen pi li dòmi nan chanm ki akote chanm ti medam yo nan Sen Jozèf. Mizou ap toujou ede li.