Skip directly to content

31 05 2021

28 05  2021 Messenger Olès
Worlshadaï ak Timanno ale nan joune komye jodi-a. Lekòl la ki oganize jounen an. Plis ta dwe ale, men Bidjè nou pa pemet poum ta voye plis. Se 1000 goud pa pèson plis nouriti.
 
 
29 04 2021 Messenger Olès
Yè Ilianette pat anfòm. Nan 11 ze direksyon lekol la te relem pou chechel. Li te fè tout jounen an sa konesans. Nan nwit lan, li te komanse bon. Pou jounen-an li preske bon. Li pale manje, selman li li poko repran tout fòs li.
 
26 04 2021 Messenger Olès
Mw tap vle kòmanse prepare teren an tou poun travay paske lapli kòmanse tonbe.
 
24 04 2021 Messenger Olès
Nap gen 5 nan ti moun yo ki pat ko batize. Pè a deside fè batèm yo samdi dye vle. Se ane sa nou enskri yo pou prepare pou premye kominyon. Mwen pat panse yo tap batize ane sa. Se Myrlanda, Islande, Manoucheca, Judeline ak Enelson. Sa ap koute nou yon bon ti kòb. Mwen konnen frè 500 goud pou chak. Epi lòt depans yo tankou nouvo vetman ak chosi map enfòmew lèm gen tout enfòmasyon yo.
 
23 04 2021 Messenger Olès
Nou gen yon bèf ki fè pitit. Nou vin wè li ansent, men nou pat panse se gwo ansent. Li fè pitit maten-an. Se yon sipriz. Yon ti towo.
 
15 04 2021 Messenger Olès
Legliz katolik nan peyi dayiti ak tout lekol kongreganis yo femen pòt yo demen jedi a, pou pwoteste kont Zak kin napin kap fet nan peyi-a. Sitou pou mande liberasyon ekip pè mè ak kèk lòt fanmiy pè yo te kid nape dimanch lan.
 
11 04 2021 Messenger Olès
Nou te gen vizit IBESR. Pou yon evalyasyon. Yo pwal fè swivi dosye a, pou renouvelman pemi pemi nou an. Yo kontan pou wè anpil reyalizasyon nou fè. Direktè a te nan delegasyon an tou. Li tou ba nou yon lòt travayè sosyal. Nou poko antann ak li. Ma enfòmew.
 
10 04 2021 Messenger Olès
Josué asepte pou mande direktè a eskiz. Direkte a pa la. Mwen gen randevou ak li demen dye vle.  Jis poum pale ak avan poum wè si ma konvenk li, poul asepte eskiz la.
 
09 04 2021 Messenger Olès
Jodi-a yon dezyèm fwa direkson lekòl la te mande prezans mwen pou Josué. Li gen anpil repwòch, li pa respekte prensip lekòl la. Li pa gen respè pou direktè. Mwen mande chans li. Li tap gen chan poul kontinye ane eskolè- a, e menm kontinye lòt ane a. Malerezman li pa deside kontinye. Finalman direksyon lekòl la deside metel deyò definitivman. Se byen malere pou li. Mwen regrèt sa pou li. Josué fè nou wont antan ke yon moun nou te konte sou li. Fòk nap reflechi. Li pap enteresan pou nou kontinye ak li nan lòt lekòl. Se yon move ekzanp pou lòt yo. Mwen kwè se yon move nouvel pou ou.
 
08 04 2021 Messenger Olès
Nou tap gen yon vizit evalyasyon jodi-a IBER ta vin fè pou nou. Yon pou nou ta fè renouvèlman pèmi fonksynman. Direktè a apen relem pou di, yo kontrarye pou jodi-a. Lap planifye yon lot dat. Nou dwe anpil ane wi. Li te fini 30 septanm 2014. 20 000 goud chak 2 zan. Lè nap gen pou peye kòb la, yo mande se an chèk . Yo pap resevwa kòb likid. Lèm map chèche lajan, map tou achte yon chekye.