Skip directly to content
  • 31 03 2022

    28 03 2022 What’s App Olès
    Nap kanpe ak boss Henry paske mesye pat entèrese pou aprann. Pafwa li vini San fè anyen.
    Pou sa mw anonsel se dènye mwa nap peyel. Si a lavni gen ki ta enterese na diskite sa ak li ankò.
     
    15 03 2022 What’s App Olès
    Kidnaping lan telman  nan moman yo. Tout moun pè ale la bank. Ni mw tou. Mwen poko chèche lajan fevriye jiskounya. Poum fonksyone ak pou peye anplwayè yo. Mw prete lajan an goud nan men Maçon poum remèt an US. Lap pran pasyans tann pou lèm ka chèche.
  • 03 03 2022

               03 03 2022 Dyalòg nan telefòn avèk Olès
    • Tout moun anfòm, se moman kanaval menm jan tankou peyi Bèljik epi tou se vakans.
    • Yo pa pale menm ankò de maladi kowora
    • Vin gen mwens barikad nan moman la nan peyi a. Men toujou gen kèk pa egzanp nan Kwadèboukè ak Gonayiv. Tout moun limite nan mouvman aktivite yo akoz kidnapin nan. Nan yon lopital, yo pran de doktè pandan yo t’ap fè konsiltasyon. Mèkredi pase, yo te kidnape yon jounalis ak tout madanm li, epi jodi a se direktè yon stasyon radyo yo pran. Olès enkyete anpil epi li espere ke yo pa kidnape jèn timoun nou yo nan òfelina.
    • Olès ak tout ekip li a ta renmen resevwa vizitè yo soti Bèljik, men se pa yon pi bon ide pou yon vwayaj ta fèt nan moman paske kidnapin nan rèd.
    • Nou poko gen nouvèl pou n’ konnen kilè l’ap posib pou fè eleksyon.
    • Milourdes ak Myrna kite òfelina pou yo abite nan moman Pòtoprens lakay fanmiy Olès yo. Sanble ke yo gen entansyon pou yo ale Sen Domeng.
    • Nerlande nan òfelina, se li k’ap pran swen Man Jean-Baptiste, yon nyès Olès. Lajan pou jou pase yo ak pou peye Nerlande soti nan men pitit gason li, Gino, k’ap viv Ozetazini.
    • Senk jèn yo k’ap etidye nan Gonayiv konn fè ti travay avan ak apre kou yo, pou yo patisipe nan kòb yo dwe bay pou etid yo. Yo tout anfòm.
    • Pou elvaj la sa pa twò byen mache akòz pa gen anpil manje. Sa fè depi lontan epi jiskounye a nou toujou nan sechrès.
    • Nou te touye pi gwo ansyen towo bèf la paske li te tonbe, epi tou li pa t’ ka rive rekanpe.
    • Jèn ti bèf la pa twò pimal pou kounye a.
    • Rekòt pwa kongo a te bon. Men nou ta dwe fè yo bat li epi vannen li. Apre sa n’ap mete pwodui nan yo pou yo pa kale bèt.
    • Aktivite jaden yo ap kòmanse nan fen mwa mas, kòmansman Avril.
    • Yanskian di l’ap akonpanye jèn yo ki pa fè mwayèn yo pou ankouraje yo.     
  • 03 03 2022

    28 02 2022 What’s App Olès
    28 fevriye se yon espesyal pou ou papi Frans ak fanmiy. Nan okazyon sa. Manmi Olès ak mw kontan mete ansanm pou swetew bon anivèsè. Ke bondye kontinye beniw beni fanmiw pou ka fete anpil anpil 28 fevriye ak fanmw e ak zanmi tou.
     
    25 02 2022 What’s App Olès
    Jodi vandredi-a  se  kanaval pou tout etidyan nan peyi-a. Lekòl mè-a tou, òganize kanaval pou elèv li yo.
     
    21 02 2022 What’s App Olès
    Movèse nouvel pou towo bèf la te malad. Li glise tonbe nan twou ( kotem te fè pou elvaj pwason-an ) li pat ka leve. Mw te fè rele yon moun pou tiyel. Mw pat ko vini. Men li te mèg anpil.
    Manmi te rele kèk moun. Li vann a kredi pou 30 000. Epi  nou gen vyann pou kèk jou.
    Jodi-a ankò gwo vach la tonbe nan kanal ki teren-an. Te gen labou. Se anpil moun ki ede li soti. Nan moman pa gen zèb. Sa yo vrèman mèg.
    Mwen oblije angaje yon moun sèlman pou pran swen yo. Map ba li 5000 goud pa mwa. An atandan m jwenn yon gadyen.
     
    12 02 2022 What’s App Olès
    Nerlande ap pase yon ti tan nan Ofelina. Djin ba li yon ti djòb pou ede manmanl. Li gen 100 dol pa mwa. Apre li panse ale Chili jwenn yon kouzinLi ki deja la depi plizyè ane.
    Ma enfòmew lel pwale
    Demen dye vle map antre potopwens pou yon konsiltasyon. Mw gen yon doulè  nan kou. Sa koz mw pa ka vire tèt mw a goch ni dwat.
     
    30 01 2022 What’s App Olès
    Te gen 11 akò pou soti peyi-a nan kriz.
    Konsa nan mitan mwa janvye a te dyaspora te fè yon gwo rankont nan etazini.
    Tout siyatè akò yo te la tou. Konsa yo te soti ak yon rezolisyon pou eleksyon jodi-a. Te gen 2 kandida pou pòs prezidan. 4 kandida pou pòs premye minis.
    Se pou yon tranzisyon. Se yo ki pwal travay pou òganize elesyon nan peyi-a.
     
    24 01 2022 What’s App Olès
    Nou te santi seyism lan tou isit. Pandan youn a 2 segond.
  • 17 01 2022

                   17 01 2022 Dyalòg nan telefòn avèk Olès

    • Tout moun te fè ti malad, yo te gen fyèv, yo te pran fredi, se omikron ki lakoz
    • Tout lekòl ouvri pòt yo. Tout timoun yo al lekòl, twa nouvo timoun yo tou
    • Yo pa pale de Kowona. Tout kote nan peyi a, moun yo gen grip, fyèv, mal tèt, men se pa Kowona li ye.
    • Sou plan politik, sanble ke gen kèk mouvman k’ap fèt. Y’ap travay serye nan moman la pou yo remete sena a an eta pou l’ fonksyone. Konsa l’ap posib pou yo prepare eleksyon prezidansyèl yo pou pi ta nan mwa Avril.
    • Li toujou pa posib pou vini an Ayiti. Petèt nou kapab konn sa pi devan si l’ap posib pou vwayaje nan mwa Jen, Jiyè oubyen pi lwen toujou.
    • Nerlande, Milourde ak Myrna nan òfelina a toujou. Sa fè de mwa depi yo la. Lè yo prale, Olès ap fè nou konnen epi l’ap di nou ki kote yo ale.
    • Senk jèn etidyan ki Gonayiv yo trè byen. W’ap travay di, menm nan jou dimanch
    • Frè yo ap ogmante anpil anpil, nou paka rive kontrekare l’ avèk bidjè nou te prevwa deja a. Olès pral met sou papye kantite kòb tout frè monte epi l’ap di nou sa ki manke.
    • Li kòmanse vin pi difisil pou nou kenbe jèn yo ki gen plis ke 18 tan nan òfelina a.
    • IBESR pa bay okenn enpòtans malgre Sent Àn pa fini akoz maladi kowona, anplis de sa vin gen jèn yo ki gen 18 tan ou plis yo pa vle pran okenn responsabilite epi yo vin parese
    • Randman travay jaden pi pa bon ane sa ke ane pase. Se menm jan tou ni pou pistach ni pou diri yo tout bay mwens randman. Diri pa bay plis pase 2/3 ke kantite li te bay ane pase. Nan moman la n’ap rekòlte pwa kongo, menm nan sa tou kantite a ap pi piti kanmenm.
    • Bèf ki te plenn nan ka akouche nan mwa fevriye, kòmansman mwa mas 
    •  Olès pral pran nouvo foto tout timoun yo pou sit entènèt la.
    • Olès mande si pwojè agrikòl avèk Wilde Ganzen nan ap kontinye
    • IBESR gen entansyon pou regilarize akreditasyon òfelina a pou ane 2022- 2023. Se pa gratis: sa ap koute 21.000 goud (210 ewo)
    • Yanskian te vle ajoute, kòm edikatè an chèf, ke timoun yo ak jèn yo ap travay di, men malgre tout efò sa yo, yo tout nèt pa ka rive fè mwayèn.
    • Yanskian ajoute ankò pou di, kòm resposab teknik, ke detektè a ki konekte pou ouvri epi fèmen pwojektè yo pa fonksyone byen, se pou rezon sa li oblije monte entèriptè a chak maten, epi desann li chak swa.
    • Eske l’ap posib pou nou ta voye kèk robinè anplis nan nouvo konntenè k’ap vini? 
  • 17 01 2022

    10 01 2022 What’s App Olès
    Nap swiv pou nou wè sak pwal pase apre 7 fevriye. Apre 7 fevrye pap gen premye minis ak gouvènman, pap gen palman ( Senatè ). Sòf si yo gentan òganize mete yon prezidan pwovizwa.
     
    10 01 2022 What’s App Olès
    Kijan kowona ye an Bèljik? Isit se yon epidemi grip fyèv kap bay pwoblèm nan tout peyi-a.
    Gen plizyè nan ti moun nou yo ki genyenl deja. Erezman sete nan vakans. Sèl Josué ki poko fin bon nèt. Enelson pran yèswa.
     
    02 01 2022 What’s App Olès
    Nan non tout moun bòn ane a ou menm tou ak fanmiy. Nap priye pou pwoblem ensekiririte a fini. Poun rekomanse ak vwayaj yo. Fanmiy Òfelina anvi wè nou.
     
    26 12 2021 What’s App Olès
    Bonjou papi frans mesi anpil jwaye nowèl salitasyon pou manmi Frans ak tout lòt moun yo.
  • 27 12 2021

    24 12 2021 What’s App Olès
    Ti moun Ofelina yo, manmi Olès ak mw kontan mete vwa nou ansanm pou swete chak manm gwoup la. Jwaye Nowèl. Nap kintinye priye youn pou lòt pou bondye beni nou chak, pwoteje lavi nou ak fanmiy pou nou fete anpil fèt Nowèl.
    Ankò jwaye Nowèl a nou chak e ak tout zanmi Ofelina.
     
    24 12 2021 What’s App Olès
    Tout ti moun yo an vakans.
    Nou resevwa rezilta pou ekzamen premye kontwòl deja pou 5 ti piti nan lekòl mè yo.
    Judeline mwayèn       5, 20
    Mirlanda                      7,05
    Manoucheca              6,75
    Charlanda                   4,12
    Danise                        5, 00
     
    24 12 2021 What’s App Olès
    Mesye dam Gonayiv yo gen konje tou. Robenson te gen konje avan. Li te vini ak nou depi lendi. Lòt yo ap tann woulib William lòt senmenn.
     
    14 12 2021 What’s App Olès
    Nou fin seche di ri. Nou poko kontwole konbyen mamit. Nou te plante plis ane sa. Nou jwenn mwens. Paske ane sa se tout jaden rekòt yo pa bay anpil.
    Pwa kongo yo donnen deja. Yap bon pou rekòlte senmenn 15 a 22 janvye.
    Nou deja remake rekòt pwa ap mwens tou. Nou pran kouraj.  Paske tout vwazen jaden nou an. Rekòt pa yo pimal pase pa nou.
     
    09 12 2021 What’s App Olès
    Map enfòmew tou Manno ap gradye 19 nan mwa sa. Yo te panse ant 2 dat 27 ou 19.
    Finalman yo kenbe 19.
     
    28 11 2021 What’s App Yanskian
    Egzamen yo ap kòmanse bonè ane sa. Nou gen elèv ki pral kòmanse premye desanm sa la. Gen k'ap kòmanse 6 desanm.
     
    25 11 2021 What’s App Olès
    Sa vin pi grav.
    Yè ankò yo kidnape  madam Preval. Ansyèn premyè dam. Bandi yo fou nèt nan moman sa yo. Malerezman pou ayiti. Tout moun ap viv ak yon kè ki pa an pè. Paske yo gen rezo bandi tout kote nan peyi-a. Se priye nap priye. Mande bondye poul delivre ayiti.
     
    24 11 2021 What’s App Olès
    Mwen te nan yon reyinyon IBERS jodi-a. Yo te diskite sitou sou renouvelman pèmi de fonksyonman. Ak travayè sosyal ke tout Òfelina dwe genyen. Ak kèk lòt bagay ankò.
    Direktè a pwopoze yonn pou tout Ofelina ki poko genyen. Nou poko diskite pri a.
     
    21 11 2021 What’s App Yanskian
    Frito : préscolaire 1
    Danise : préscolaire 2
    Charlanda : 1ère année Fondamentale
    Judeline, Jeff : 3ème année Fondamentale
    Mirlanda, Manoucheca, Enelson : 2ème année Fondamentale.
    Mislande : 4ème année Fondamentale
    Caleb, Muradieu: 7ème année Fondamentale
    Jeandelet : 8ème année Fondamentale.
    Ricardo, Ferlandine : 9ème année Fondamentale.
    Osnel, Emmanuel, Deluxon, Ronald: NSI
    Wilner : NSII
    Josuë : NSIV
    Pwogram leson yo konsantre sou 2 edikatè yo. Mèt Junior responsab  tout premye klas yo rive nan 8èm ane fondamantal. Mèt Yanskian responsab elèv 9èm ane jiska NSIV(terminal). Ansanm 2 elèv ki lekòl aprè midi yo. Paske Mèt Junior pa t'ap gen tan pou yo
     
    15 11 2021 What’s App Olès
    Medam potopwens yo te vini depi samdi avèk William. Mesye dam Gonayiv yo ale jodi-a. Yo genyen 3 jou dentegrasyon. Tou swit aprè yap nan travay.
  • 08 10 2021

    07 11 2021 What’s App Olès
    Mis Merceda toujou travay ak ti moun yo. Pa kategori daj.
     
    06 11 2021 What’s App Olès
    Mwen kòmanse chèche ouvriye pou nou koupe diri. Mwen planifye pou madi pwochen, pou nou komanse.
    Pwa li wo anpil. Lap kòman bon fen desanm, pou nou rekòlte nan mwa janvye dye vle.
     
    30 10 2021 What’s App Olès
    Se teknisyn an resi vin rezoud pwoblèm dlo a pou nou. Li te gen difikilte pou jwenn manbran lan. Li te vin jwenn li. Koz peyi-a te bloke li pat ka vini. Erezman pou nou li te ka vini yè malgre toujou gen pwoblèm gaz nan peyi-a.
     
    28 10 2021 What’s App Olès
    Grèv 3 jou a leve yèswa. Tout aktivite rekomanse jodi-a.
     
    25 10 2021 What’s App Olès
    Isit tou te gen gwo manifestasyon. Yo te pase bò Ofelina tou. Anpil bwi. Yo pat kanpe. An pasan yo te frape  pòtay antre Ofelina.  Yo te vini sèlman pou fè moun yo ki pat ka antre nan bouk la kòm dabitid, lendi se jou mache. Konsa moun yo ki soti mayisad, lèmit ak nan zòn deboche. Pliske yo pa ka antre nan bouk. Epi manifestan yo te vini kraze mache-a, fè tout moun kouri.
     
    21 10 2021 What’s App Olès
    Gen yon misyonè ameriken, yo an total 17. Gwoup 400 mawozo kidnape de samdi pase. Yo mande 17 000 000 USD pou libere yo.
     
    19 10 2021 What’s App Olès
    Yèswa mwen reve ou vini nan ayiti, nan Ofelina. Tout moun kontan. Se gwo fèt.
    Nap priye bondye  pou pwoblem ensekirite a rezoud. Paske lap pi mal chak jou.
     
    18 10 2021 What’s App Olès
    Mwen te vini ak mesye dam yo. Yo deja komanse ak seminè a depi maten.
    Se ak anpil difikilte nou reyisi paske gen grèv o nivo tout peyi-a.  Yo bloke tout antre vil la.
    Nou tou pote pwovizyon.  Se yon ti kouzenm ki vini ak nou. Nou mete tout bagay andedan, lè yo vini yap plase tout bagay an òd.
    Seminè a ap fini le 25 oktòb.
     
    09 10 2021 What’s App Olès
    Bèl seremoni gradiyasyon an. Yo vrèman kontan. Mwen menm tou kontan. Ou menm tou kontan. Se fwi efò ou, ak moun ki konn sipò ou. Ak nou menm tou isit. Nou fyè de yo. Nap espere lòt pran ekzanp sou yo.
     
     
    01 10 2021 What’s App Olès
    Robenson te ak mwen potopwens. Li deja rive nan Inivesite a. Li rankontre pè a deja. Se anfan kè pè a li te ye. Sa vle di pe a konnen Robenson byen. Yanskian vin jwenn li pou edel ak ranpli fòmilè yo. Mwen deja jwenn diplòm filo yo pou 3 ansyen yo. Lòt 2 yo poko anrejitre nan ministè a. Yo di map jwenn yo nan 2 semèn.
  • 09 10 2021

    • Gras BonDye tout moun anfòm. Pi gran tankou piti tout moun byen.
    • Ane lekòl la vin tonbe nan yon peryòd tranzisyon. Gen kèk lekòl ki gentan reouvri, men gen lòt tou k’ap tann rès jou vakans yo. Ouvèti lekòl la repòte pou 4 Oktòb sèlman nan zòn ki te gen tranbleman tè yo.
    • Olès te kòmanse peye ane lekòl yo. Li dispoze 3.500 dola. San liv pa ladan. Lekòl kot Pè deja koute 126.500 goud pou 7 timoun. (1.100 ewo / 1.270 dola). Lekòl kot Mè ap koute 13.130 goud pou 4 timoun, nan aprè midi (115 ewo / 135 dola). Pou lekòl Bon Berger nou dwe peye 14.000 goud pou 1 elèv (120 ewo / 140 dola) se pou Wilner. Pou kontinye lekòl Nelson Mandela ak lekòl Nasyonnal la ke nou dwe peye ankò. (nou gen yon elèv nan chak lekòl sa yo).
    • Sitiyasyon peyi a pa bon ditou. Se yon bann vòlè k’ap fè lalwa. Si ou ta renmen jwenn gaz a chak fwa, fòk ou siyen yon kontra avèk chèf bann nan. Menm minis lan dwe antre an kontak avèk pil move moun sa yo pou debloke rout yo. Chèf gang ki pi popilè a rele Barbecue. Li se yonn nan moun ki vle ke tout klarifikasyon kapab fèt sou asasina prezidan Jovenel. Lè n’ap gade sitiyasyon peyi a nan moman sa, nou dwe dekonseye vwayaj pou ale Ayiti. Frans vle vini nan mwa Mas. Nou gen yon ti tan ankò pou n’ gade nan jou k’ap vini yo.
    • Twa nouvo timoun yo bye entegre yo depi nan premye jou a epi tout timoun yo te byen akeyi yo. Tout sa te byen pase.
    • Pa entèmedyè Bòs Raymond, nou pral resevwa yon òf pou nou repare tèt kay la ki an tòl ak pati yo ki an beton nan Sen Jozèf.
    • Sam kite òfelina a.
    • Bernardo pa pran travay li oserye. Malgré anpil avètisman, nou revoke l’. Olès ap chèche yon ranplasan, se pito yon fanm.
    • Lasante Man Antonio ap degrade epi travay li rete ap tann. Aprè yon diskisyon sou bagay sa, li te bay demisyon l’.
    • Ti Lou te vini travay kòm ouvriye pandan kèk tan. Li ta renmen resevwa menm salè a, men pou yon travay demi jounen. Kòm se konsa, Olès p’ap ka aksepte l’. Li menm tou li demisyone.
    • Dieunise te akouche, li fè yon ti gason. Ni li menm ak bebe a yo anfòm.   
  • 27 09 2021

    23 09 07 2021 Whats’ App Yanskian
    100% pou osjosma. Félicitations. Ane sa ankò n'ap gen 3 elèv pou egzamen leta. Ricardo ak Ferlandine pou 9èm. Josuë pou NSIV(terminal)
     
    22 09 2021 What’s App Olès
    Yo bay rezilta ekzamen filo. Worlshadaï  bon.
    Lekòl pè a bay 100/100 bon.
    Lekòl Illianette bay 20/100
    Erezman Illianette ak Dieunise nan 20 an.
     
    21 09 2021 What’s App Olès
    Mw toujou an kontak ak pè a. Enskripsyon yo ap fini jedi 30 septanm. Mwen konnen yon  Mr ki travay  nan ministè edikasyon nasyonal. Mwen te kominike ak li, pou eden jwenn diplom yo. Map tou regle koze pyès yap bezwen pou fè  enskripsyon yo. Map tou rete Gonayiv poum fè enskripsyon yo.
     
    15 09 2021 What’s App Olès
    Sè Lineda pa Senmichel ankò. Mwen poko konnen ki kotel ye? Apèn sè Vialard sot kominikem sa. Li fè demach ak nouvo mè ki la. La pran 2 ti medam yo pou nou. Demen maten map pase pou enskri yo. Pou yo antre lekol madi pwochen.
     
    15 09 2021 What’s App Olès
    Fucien,  neve Durand ki rete Gonayiv.  Li jwenn yon yon kay pou nou. Li gen 2 chanm a kouche. Yon sal a manje ak kwizin. Twalet konfò modèn. Dènye pri se 175 000 goud.
     
    10 09 2021 What’s App Olès
    Se jodi-a Sè Viala ap vini ak 3 ti moun yo pou nou.
    Twee meisjes: Valcin Charlanda 06/11/2015 en Dorval Danise 20/11/2017
    Één jongen: Déréna Frito 22/04/2016
     
    01 09 2021 What’s App Olès
    Gen 3 ti moun. Se ti moun abandone. Se nan yon Sant nitritif yo ye. Se Sè Viala ki te pwopozen yo. Se pou Senrafayel.
     
    30 08 2021 What’s App Olès
    Mw komanse ak 2em saklaj la nan Jaden. Mwen pap depanse anpil kòb tankou premye saklaj la.
     
    27 08 2021 What’s App Olès
    Mwen te fe kalkil pou lekol 5 yo kap ale Gonayiv. Lwe kay la se 45.000 $, egal 2.300 USD. Lekol se 22.000 $ chak moun, 110.000 $ total. Apre rete lajan manje-a ni transpo, ni kek ti fre. Total sa fe 2.300 USD + 5.625 USD = 7.925 USD (45.000 $ + 110.000 $) Lap bon pou nou fè enskripsyon yo nan mi septanm lan. Nap kòmanse prepare sa yap bezwen.
     
    26 08 2021 What’s App Olès
    Jaden-an anonse espwa. Nap priye poun gen yon ti lapli byen souvan.
     
    23 08 2021 What’s App Olès
    Sistèm dlo nou gen pwoblèm. Bòs yo te vini yè. Mwen te panse yo tap ka reparel.Yo fè sèvis chanje chabon ak filt yo.Se manbran lan ki pou chanje tou. Sa fè se achte mwen achte dlo.
     
    16 08 2021 What’s App Olès
    Chif yo ap ogmante nan depatman yo ki frape pa tranbleman de te a. Gen plis pase 1 200 moun ki mouri. Plis pase 5000 moun ki blese ak 13 000 kay ki kraze daprè enfòmasyon mw jwenn maten-an
     
    14 08 2021 What’s App Olès
    Anviwon 30 minit pase, nou sot gen yon tranbleman de tè ki pase nan tout peyi-a. Erezman nou pa tandel fè dega.
  • 31 07 2021

    31 07 2021 Messenger Yanskian
    Nan pwogram vakans la genyen anpil sinema. Men nou akonpanye pwogram sa avèk Yon aktivite travay ki plake nan sal-a-manje a pou ki enkli tout jèn yo ak timoun yo.
     
    28 07 2021 Messenger Olès
    Demen dye vle nap fete 15eme anivèsè Ofelina. Nan okazyon an, gen yon pè ki pwomèt lap vin selebre la mès pou nou nan Ofelina.
     
    17 07 2021 Messenger Olès
    Mwen byen kontan kote paw ak fanmiy zanmi pa gen pwoblèm. Malerezman pou kote ki gen dega. Wi mw sonje kote sa. Se gwo rivyè mez. Isit anplis plis de pwoblem lamò prezidan. Yo anonse 3 jou fè nwa, lap kòmanse jodi-a a midi.

Pages