08 10 2021
07 11 2021 What’s App OlèsMis Merceda toujou travay ak ti moun yo. Pa kategori daj.06 11 2021 What’s App OlèsMwen kòmanse chèche ouvriye pou nou koupe diri. Mwen planifye pou madi pwochen, pou nou komanse.Pwa li wo anpil. Lap kòman bon fen desanm, pou nou rekòlte nan mwa janvye dye vle.30 10 2021 What’s App OlèsSe teknisyn an resi vin rezoud pwoblèm dlo a pou nou. Li te gen difikilte pou jwenn manbran lan. Li te vin jwenn li. Koz peyi-a te bloke li pat ka vini. Erezman pou nou li te ka vini yè malgre toujou gen pwoblèm gaz nan peyi-a.28 10 2021 What’s App OlèsGrèv 3 jou a leve yèswa. Tout aktivite rekomanse jodi-a.25 10 2021 What’s App OlèsIsit tou te gen gwo manifestasyon. Yo te pase bò Ofelina tou. Anpil bwi. Yo pat kanpe. An pasan yo te frape pòtay antre Ofelina. Yo te vini sèlman pou fè moun yo ki pat ka antre nan bouk la kòm dabitid, lendi se jou mache. Konsa moun yo ki soti mayisad, lèmit ak nan zòn deboche. Pliske yo pa ka antre nan bouk. Epi manifestan yo te vini kraze mache-a, fè tout moun kouri.21 10 2021 What’s App OlèsGen yon misyonè ameriken, yo an total 17. Gwoup 400 mawozo kidnape de samdi pase. Yo mande 17 000 000 USD pou libere yo.19 10 2021 What’s App OlèsYèswa mwen reve ou vini nan ayiti, nan Ofelina. Tout moun kontan. Se gwo fèt.Nap priye bondye pou pwoblem ensekirite a rezoud. Paske lap pi mal chak jou.18 10 2021 What’s App OlèsMwen te vini ak mesye dam yo. Yo deja komanse ak seminè a depi maten.Se ak anpil difikilte nou reyisi paske gen grèv o nivo tout peyi-a. Yo bloke tout antre vil la.Nou tou pote pwovizyon. Se yon ti kouzenm ki vini ak nou. Nou mete tout bagay andedan, lè yo vini yap plase tout bagay an òd.Seminè a ap fini le 25 oktòb.09 10 2021 What’s App OlèsBèl seremoni gradiyasyon an. Yo vrèman kontan. Mwen menm tou kontan. Ou menm tou kontan. Se fwi efò ou, ak moun ki konn sipò ou. Ak nou menm tou isit. Nou fyè de yo. Nap espere lòt pran ekzanp sou yo.01 10 2021 What’s App OlèsRobenson te ak mwen potopwens. Li deja rive nan Inivesite a. Li rankontre pè a deja. Se anfan kè pè a li te ye. Sa vle di pe a konnen Robenson byen. Yanskian vin jwenn li pou edel ak ranpli fòmilè yo. Mwen deja jwenn diplòm filo yo pou 3 ansyen yo. Lòt 2 yo poko anrejitre nan ministè a. Yo di map jwenn yo nan 2 semèn.09 10 2021
- Gras BonDye tout moun anfòm. Pi gran tankou piti tout moun byen.
- Ane lekòl la vin tonbe nan yon peryòd tranzisyon. Gen kèk lekòl ki gentan reouvri, men gen lòt tou k’ap tann rès jou vakans yo. Ouvèti lekòl la repòte pou 4 Oktòb sèlman nan zòn ki te gen tranbleman tè yo.
- Olès te kòmanse peye ane lekòl yo. Li dispoze 3.500 dola. San liv pa ladan. Lekòl kot Pè deja koute 126.500 goud pou 7 timoun. (1.100 ewo / 1.270 dola). Lekòl kot Mè ap koute 13.130 goud pou 4 timoun, nan aprè midi (115 ewo / 135 dola). Pou lekòl Bon Berger nou dwe peye 14.000 goud pou 1 elèv (120 ewo / 140 dola) se pou Wilner. Pou kontinye lekòl Nelson Mandela ak lekòl Nasyonnal la ke nou dwe peye ankò. (nou gen yon elèv nan chak lekòl sa yo).
- Sitiyasyon peyi a pa bon ditou. Se yon bann vòlè k’ap fè lalwa. Si ou ta renmen jwenn gaz a chak fwa, fòk ou siyen yon kontra avèk chèf bann nan. Menm minis lan dwe antre an kontak avèk pil move moun sa yo pou debloke rout yo. Chèf gang ki pi popilè a rele Barbecue. Li se yonn nan moun ki vle ke tout klarifikasyon kapab fèt sou asasina prezidan Jovenel. Lè n’ap gade sitiyasyon peyi a nan moman sa, nou dwe dekonseye vwayaj pou ale Ayiti. Frans vle vini nan mwa Mas. Nou gen yon ti tan ankò pou n’ gade nan jou k’ap vini yo.
- Twa nouvo timoun yo bye entegre yo depi nan premye jou a epi tout timoun yo te byen akeyi yo. Tout sa te byen pase.
- Pa entèmedyè Bòs Raymond, nou pral resevwa yon òf pou nou repare tèt kay la ki an tòl ak pati yo ki an beton nan Sen Jozèf.
- Sam kite òfelina a.
- Bernardo pa pran travay li oserye. Malgré anpil avètisman, nou revoke l’. Olès ap chèche yon ranplasan, se pito yon fanm.
- Lasante Man Antonio ap degrade epi travay li rete ap tann. Aprè yon diskisyon sou bagay sa, li te bay demisyon l’.
- Ti Lou te vini travay kòm ouvriye pandan kèk tan. Li ta renmen resevwa menm salè a, men pou yon travay demi jounen. Kòm se konsa, Olès p’ap ka aksepte l’. Li menm tou li demisyone.
- Dieunise te akouche, li fè yon ti gason. Ni li menm ak bebe a yo anfòm.
27 09 2021
23 09 07 2021 Whats’ App Yanskian100% pou osjosma. Félicitations. Ane sa ankò n'ap gen 3 elèv pou egzamen leta. Ricardo ak Ferlandine pou 9èm. Josuë pou NSIV(terminal)22 09 2021 What’s App OlèsYo bay rezilta ekzamen filo. Worlshadaï bon.Lekòl pè a bay 100/100 bon.Lekòl Illianette bay 20/100Erezman Illianette ak Dieunise nan 20 an.21 09 2021 What’s App OlèsMw toujou an kontak ak pè a. Enskripsyon yo ap fini jedi 30 septanm. Mwen konnen yon Mr ki travay nan ministè edikasyon nasyonal. Mwen te kominike ak li, pou eden jwenn diplom yo. Map tou regle koze pyès yap bezwen pou fè enskripsyon yo. Map tou rete Gonayiv poum fè enskripsyon yo.15 09 2021 What’s App OlèsSè Lineda pa Senmichel ankò. Mwen poko konnen ki kotel ye? Apèn sè Vialard sot kominikem sa. Li fè demach ak nouvo mè ki la. La pran 2 ti medam yo pou nou. Demen maten map pase pou enskri yo. Pou yo antre lekol madi pwochen.15 09 2021 What’s App OlèsFucien, neve Durand ki rete Gonayiv. Li jwenn yon yon kay pou nou. Li gen 2 chanm a kouche. Yon sal a manje ak kwizin. Twalet konfò modèn. Dènye pri se 175 000 goud.10 09 2021 What’s App OlèsSe jodi-a Sè Viala ap vini ak 3 ti moun yo pou nou.Twee meisjes: Valcin Charlanda 06/11/2015 en Dorval Danise 20/11/2017Één jongen: Déréna Frito 22/04/201601 09 2021 What’s App OlèsGen 3 ti moun. Se ti moun abandone. Se nan yon Sant nitritif yo ye. Se Sè Viala ki te pwopozen yo. Se pou Senrafayel.30 08 2021 What’s App OlèsMw komanse ak 2em saklaj la nan Jaden. Mwen pap depanse anpil kòb tankou premye saklaj la.27 08 2021 What’s App OlèsMwen te fe kalkil pou lekol 5 yo kap ale Gonayiv. Lwe kay la se 45.000 $, egal 2.300 USD. Lekol se 22.000 $ chak moun, 110.000 $ total. Apre rete lajan manje-a ni transpo, ni kek ti fre. Total sa fe 2.300 USD + 5.625 USD = 7.925 USD (45.000 $ + 110.000 $) Lap bon pou nou fè enskripsyon yo nan mi septanm lan. Nap kòmanse prepare sa yap bezwen.26 08 2021 What’s App OlèsJaden-an anonse espwa. Nap priye poun gen yon ti lapli byen souvan.23 08 2021 What’s App OlèsSistèm dlo nou gen pwoblèm. Bòs yo te vini yè. Mwen te panse yo tap ka reparel.Yo fè sèvis chanje chabon ak filt yo.Se manbran lan ki pou chanje tou. Sa fè se achte mwen achte dlo.16 08 2021 What’s App OlèsChif yo ap ogmante nan depatman yo ki frape pa tranbleman de te a. Gen plis pase 1 200 moun ki mouri. Plis pase 5000 moun ki blese ak 13 000 kay ki kraze daprè enfòmasyon mw jwenn maten-an14 08 2021 What’s App OlèsAnviwon 30 minit pase, nou sot gen yon tranbleman de tè ki pase nan tout peyi-a. Erezman nou pa tandel fè dega.31 07 2021
31 07 2021 Messenger YanskianNan pwogram vakans la genyen anpil sinema. Men nou akonpanye pwogram sa avèk Yon aktivite travay ki plake nan sal-a-manje a pou ki enkli tout jèn yo ak timoun yo.28 07 2021 Messenger OlèsDemen dye vle nap fete 15eme anivèsè Ofelina. Nan okazyon an, gen yon pè ki pwomèt lap vin selebre la mès pou nou nan Ofelina.17 07 2021 Messenger OlèsMwen byen kontan kote paw ak fanmiy zanmi pa gen pwoblèm. Malerezman pou kote ki gen dega. Wi mw sonje kote sa. Se gwo rivyè mez. Isit anplis plis de pwoblem lamò prezidan. Yo anonse 3 jou fè nwa, lap kòmanse jodi-a a midi.21/06/2021
20 06 2021 Messenger Olès
Depi 11 jen tout timoun fin konpoze. Sèlman elèv 9èm ak NS4 (terminale) yo ki kontinye Al lekòl, e yo pral konpoze nan mwa jiyè a.
15 06 2021 Messenger OlèsMwen toujou kontinye ap trvay. Plante pwa kongo, diri ak pistach. Ane sa menm se sou kredi map travay, nap travay plis tè pase lane pase. Nou twazyèm senmenn depi nap travay. Nou nan Mwen itilize bèf ak chari tou.12 06 2021 Messenger OlèsNap gade match Belgik. La risi. Beljik byen kòmanse. Nou komanse di konpliman pou ekip la. Nap espere li fè menm ak premye mitan09 06 2021 Messenger OlèsYon nouvo kalandriye pral met deyò pou referandòm nan ni pou eleksyon. Twòp pwoblèm : kowona, ensekirite, lavi chè....08 06 2021 Messenger OlèsNou te gen vizit O N A ( Office National D'assurance- Viellesse ) gen misyon pou anrejistre tout institisyon ak antrepriz ki nan komin lan. A kondisyon pou anplwayè bay 12/100. 6/100 ap soti nan salè yo nan salè yo, lòt 6/100 se Ofelina pou bay li chak mwa. 6/100 ofelina an diskisyon. Yo resevwa lòd si yon moun refize peyel pou fèmen institisyon sa.01 06 2021 Messenger OlèsLapli kòmanse tonbe. Mw fe yon antant ak yon responsab , li komanse laboure a kredi pou nou. Twop lapli ki fèl poko fini pou nou. Nou komanse plante deja kote ki pwop. Pistach ak pwa kogo. Map prepare tou pou kòmanse ak plante diri tou.Isit mwen poko tande nouvel si vaksen deja rive.31 05 2021
17 05 2021 Dyalòg nan telefòn avèk Olès- Tout moun anfòm.
- 18 Me, se fèt nasyonal drapo a. Nan okazyon sa timoun yo gen de jou konje.
- Maladi kowona vin pi vizib ankò an Ayiti. Se sitou varyant Brezilyèn nan ki gaye konsa. Li danje anpil men moun yo pa sousye de sa epi yo panse ke BonDye avèk yo epi se kont. Nan òfelina tout moun ap fè pridans.
- Dieunise pral kite òfelina. Menm jan tankou Maudelet ak Guilène.
- 27 Jen, pral genyen yon referandòm yo ka deside si egzamen yo ka avanse.
- Anderson toujou Pòtoprens, li gen paspò li ak viza epi l’ap tan tikè a ke fanmiy li ki deja laba ap peye pou li.
- Olès ak Frans te gentan antann yo pou genyen nouvo enskripsyon pou lòt timoun ki fèt nan mwa jiyè a. Konsa timoun yo kapab antre nan mwa daout la byen avan kòmansman ane lekòl la.
- Tout bagay anfòm pou elvaj la. Se byen ni pou bèf yo ak kabrit yo.
- Sanble ke maladi ki t’ap touye kochon yo fin pase, konsa Olès vle rekòmanse ak elvaj kochon an.
- Lapli ap tonbe, nou kòmanse raboure. Nou genyen plan pou sezon sa k’ap vini la, ki gen yon pati ladan ki soti nan rekòt ane pase a.
- Nou toujou ap manje pitimi ki soti nan dènye rekòt la.
- Nou ta dwe bay kontwole gwo taptap la Pòtoprens pi vit posib. Aprè sa, Olès gen entansyon pou li revann li, pou li achte yon lòt.
- Ane pwochèn, twa mesye yo ki te gen yon ane poz, pral kapab fè etid siperyè yo, menm jan tankou Ilianette ak World Shaddaï ki pral fini etid segondè yo la. Nan Gonayiv, genyen anpil posiblite. Robenson vle pran etid enfimye, World Shaddaï, Ilianette, Ronaldo ak Wilken ap pran Syans Administrativ.
31 05 2021
28 05 2021 Messenger OlèsWorlshadaï ak Timanno ale nan joune komye jodi-a. Lekòl la ki oganize jounen an. Plis ta dwe ale, men Bidjè nou pa pemet poum ta voye plis. Se 1000 goud pa pèson plis nouriti.29 04 2021 Messenger OlèsYè Ilianette pat anfòm. Nan 11 ze direksyon lekol la te relem pou chechel. Li te fè tout jounen an sa konesans. Nan nwit lan, li te komanse bon. Pou jounen-an li preske bon. Li pale manje, selman li li poko repran tout fòs li.26 04 2021 Messenger OlèsMw tap vle kòmanse prepare teren an tou poun travay paske lapli kòmanse tonbe.24 04 2021 Messenger OlèsNap gen 5 nan ti moun yo ki pat ko batize. Pè a deside fè batèm yo samdi dye vle. Se ane sa nou enskri yo pou prepare pou premye kominyon. Mwen pat panse yo tap batize ane sa. Se Myrlanda, Islande, Manoucheca, Judeline ak Enelson. Sa ap koute nou yon bon ti kòb. Mwen konnen frè 500 goud pou chak. Epi lòt depans yo tankou nouvo vetman ak chosi map enfòmew lèm gen tout enfòmasyon yo.23 04 2021 Messenger OlèsNou gen yon bèf ki fè pitit. Nou vin wè li ansent, men nou pat panse se gwo ansent. Li fè pitit maten-an. Se yon sipriz. Yon ti towo.15 04 2021 Messenger OlèsLegliz katolik nan peyi dayiti ak tout lekol kongreganis yo femen pòt yo demen jedi a, pou pwoteste kont Zak kin napin kap fet nan peyi-a. Sitou pou mande liberasyon ekip pè mè ak kèk lòt fanmiy pè yo te kid nape dimanch lan.11 04 2021 Messenger OlèsNou te gen vizit IBESR. Pou yon evalyasyon. Yo pwal fè swivi dosye a, pou renouvelman pemi pemi nou an. Yo kontan pou wè anpil reyalizasyon nou fè. Direktè a te nan delegasyon an tou. Li tou ba nou yon lòt travayè sosyal. Nou poko antann ak li. Ma enfòmew.10 04 2021 Messenger OlèsJosué asepte pou mande direktè a eskiz. Direkte a pa la. Mwen gen randevou ak li demen dye vle. Jis poum pale ak avan poum wè si ma konvenk li, poul asepte eskiz la.09 04 2021 Messenger OlèsJodi-a yon dezyèm fwa direkson lekòl la te mande prezans mwen pou Josué. Li gen anpil repwòch, li pa respekte prensip lekòl la. Li pa gen respè pou direktè. Mwen mande chans li. Li tap gen chan poul kontinye ane eskolè- a, e menm kontinye lòt ane a. Malerezman li pa deside kontinye. Finalman direksyon lekòl la deside metel deyò definitivman. Se byen malere pou li. Mwen regrèt sa pou li. Josué fè nou wont antan ke yon moun nou te konte sou li. Fòk nap reflechi. Li pap enteresan pou nou kontinye ak li nan lòt lekòl. Se yon move ekzanp pou lòt yo. Mwen kwè se yon move nouvel pou ou.08 04 2021 Messenger OlèsNou tap gen yon vizit evalyasyon jodi-a IBER ta vin fè pou nou. Yon pou nou ta fè renouvèlman pèmi fonksynman. Direktè a apen relem pou di, yo kontrarye pou jodi-a. Lap planifye yon lot dat. Nou dwe anpil ane wi. Li te fini 30 septanm 2014. 20 000 goud chak 2 zan. Lè nap gen pou peye kòb la, yo mande se an chèk . Yo pap resevwa kòb likid. Lèm map chèche lajan, map tou achte yon chekye.08 04 2021
08 04 2021 Messenger OlèsJodi-a yon dezyèm fwa direkson lekòl la te mande prezans mwen pou Josué. Li gen anpil repwòch, li pa respekte prensip lekòl la. Li pa gen respè pou direktè. Mwen mande chans li. Li tap gen chan poul kontinye ane eskolè- a, e menm kontinye lòt ane a. Malerezman li pa deside kontinye. Finalman direksyon lekòl la deside metel deyò definitivman. Se byen malere pou li. Mwen regrèt sa pou li. Josué fè nou wont antan ke yon moun nou te konte sou li. Fòk nap reflechi. Li pap enteresan pou nou kontinye ak li nan lòt lekòl. Se yon move ekzanp pou lòt yo. Mwen kwè se yon move nouvel pou ou.07 04 2021 Messenger OlèsNou tap gen yon vizit evalyasyon jodi-a IBER ta vin fè pou nou. Yon pou nou ta fè renouvèlman pèmi fonksynman. Direktè a apen relem pou di, yo kontrarye pou jodi-a. Lap planifye yon lot dat. Nou dwe anpil ane wi. Li te fini 30 septanm 2014. 20 000 goud chak 2 zan. Lè nap gen pou peye kòb la, yo mande se an chèk . Yo pap resevwa kòb likid. Lèm map chèche lajan, map tou achte yon chekye.22 03 2021 Messenger OlèsAnderson ale potopwens jodi-a ak William. Lap gen vòl pa Sendomeng pou ale Brazil le 29 mwa sa. William ap prete Anderson pou nou 1000 USD Kontra depo inibank lan ap fini nan mwa me. Konsa nap remet li an me. Le William bay li. Lap fè yon resi pou nou.17 03 2021 Messenger OlèsJanm te diw se jodi-a pè a ap louvri ane senjozèf la nan Ofelina. Yo prevwa komanse seremoni an a 5 è. Se tout moun legliz la ki envite pou vini nan Òfelina.Nan okazyon an map bay chante mès chak jou pou tout moun nan Ofelina, pou ou menm ak fanmiy ak tout donatè nou yo.Mwen deja bay pè kire Lalomas la chante mès pou nou tout nan Mès vandredi jou fet la.12 03 2021 Messenger OlèsPyes ti bis la nomalman li te dwe rive nan dwan potopwens depi 26 fevriye. Sanble batiman te pase yon lòt kote. Se Merlin ki responsab pou resevwal. Yo te dil se nan dezyèm senmenn mwa sa. Li ta dwe rive lòt senmenn.11 03 2021 Messenger OlèsBòs Yotaire preske tèmine. 3 fenèt anlè ki rete. Paske yo te kraze nan transpò a.08 03 2021 Messenger OlèsBòs Yotaire kòmanse monte fenèt yo.06 03 2021 Messenger OlèsIlianette pat twò anfòm ak yon mal nan lestomak. Mw te voyel kay doktè yè. Li fe yon ekzamen. H pilori. Rezilta pozitif. Nou achte medikaman yo. Lap swiv yon Tretman 14 jou. Ak rejim.03 03 2021 Messenger OlèsMwen sot jwenn li. Li nan mezon pou fè komand yo. Li te resevwa lajan depi yè.02 03 2021 Messenger OlèsMw te relel yè. Aktyelman li potopwens poul fè komand materyo lap bezwen. Lel retounen map bali 1500 ki te deja nan menm lan. Ma enfomew ankò pita.15 03 2021
22 02 2021 dyalòg nan telefòn avèk OlèsNou tout, nou anfòm. granmoun kon timoun.Duran, neve Olès la epi gran chofè a, ki toujou akonpanye Frans nan Pòtoprens, te gen yon maladi nan sèvo sa gen de semèn. Pou kounye a, li pa lopital la ankò, li pa pimal. Men pwosesis gerizon an pral dire ankò anpil tan.Kowona pa vrèman gaye nan peyi Ayiti. Se sèlman nan Pòtoprens bagay la pi grav, men nan tout rès peyi a yo prèske pa pale de sa menm.Kondisyon lapwòpte a an jeneral li pa pi favorab menm jan tankou mèzi yo pran pou pwoteje moun yo, li pa pridan pou yon moun soti lakay li. Risk pou plis moun kontamine, sitou nan vil yo, li egziste nan chak kwen nan lari a.Ensekirite a vin pran manm akoz sitiyasyon politik la. Prezidan an konteste kont pawòl ki di ke manda li dwe fini 7 fevriye epi li vle rete sou povwa jiska 7 fevriye 2022. Opozisyon an menm mete sou plas pwòp prezidan pa yo.Frans fè konnen ke yon vwayaj pou ale an ewòp rete toujou enposib. Yanskian poko ka vini kounya.Bòs ki dwe vin enstale fenèt yo nan Sent-Àn nan ap kòmanse semèn pwochèn epi li pwomèt ke li p’ap pèdi tan.Ide pou nou genyen materyèl agrikilti ak bèf yo pa dezenterese Olès, men li atire atansyon sou sa, paske tout kote nan peyi a, y’ap vòlè bèt ki ka rale chari ak lòt kalite bèt ankò. Pou byen di, li pa twò fasil pou achte yon chari ki adapte. Li ta dwe fèt sou yon mezi pa yon bòs ferayè lokal.Tout òf ki te la pou revalorize Sen Jozèf epi pou li adapte ak tout bezwen yo, yo tout preske fin antre.Twa mesye ki pa ale lekòl ane sa, yo tout yo mete dakò avèk Yanskian pou yo pentire Sen Jozèf.Basen an nan Sen Franswa plen. Pou kounya nou pa twò itilize l’ paske sosyete distribisyon dlo a ap byen fonksyone. N’ap konsève dlo nan basen an pou lè nou gen bezwen.Enstalasyon dlo trete ap fonksyone nòmalman. Nou poko reprann kòmès vann dlo a ak kliyan nou yo pou yon rezon sekirite.Enstalasyon kouran an tou ap byen fonksyone. Lòt jeneratris la ki te vini nan mwa desanm nan avèk lòt bagay yo poko ap sèvi. L’ap ranplase lòt ti jeneratis la ki pa t’ fin anfòm nèt.Tout kochon yo mouri. An Ayiti, maladi kochon te deklare, konsa prèske pa gen kochon okenn kote nan peyi a.Tout rekòt yo antre. Rekòt pwa kongo a te pi piti ke ane pase. Pitimi an vin pwodui mwens akoz de yon maladi. Si nou pa t’ plante pwòp danre pa nou li t’ap difisil pou nou toke kòn ak lavi sa. Pri anpil machandiz de baz yo prèske double nan yon ti kras tan.N’ap chache pou nou jwenn yon lekòl pwofesyonèl nan Gonayiv pou twa mesye yo ki lakay nou depi yon lane. Kote sa, l’ap pi fasil pou yo jwenn yon lojman ki pi kovenab.Preparasyon teren an pou pwochen rekòt la ap koute 70.000 goud (762 ewo) pou chak kawo. Yon kawo koresponn ak 1,29 ekta. Nou genyen 8,5 kawo (11 ekta). Pou legim yo plante n’ap pike tè a. pike tè a ak saklaj la ap koute 170.000 goud (1.850 ewo) anplis.Anderson vle vwayaje pou l’ale jwenn fanmiy li. Pwojè li a pran ti reta. Se fanmiy li k’ap achte tikè pou li.Twa jèn fi yo ki rete Pòtoprens yo te vin gen pwoblèm ankò akoz twoub ki te genyen lavil la. Yo te resevwa ase kòb pou yo achte yon nouvo telefòn entèlijan. Men yo poko ka ale achte l’.22 02 2021
04 02 2021 What’s App Olès (Edikasyon)Nou komanse prepare pwa ak pitimi pou nou mete an depo.28 01 2021 Messenger OlèsNap dekòtike pwa kongo ( bat pwa ) pou nou mete nan depo.