2018 - Jen
Vwayaj soti 7 pou rive 23 jen 2018 la
Dezyèm vwayaj mwen pou ane 2018 la tonbe san zatann nan mwa jen. Mwen te vini avèk de frè sa yo ki se Alex ak Geert ak tonton yo ki rele Alex tou.
Stéphanie, te fèt an Ayiti, li te vini avèk nou avèk entansyon pou li te pase yon ti moman nan sejou li yo avèk fanmiy byolojik li.
Kont-a-rann sou sejou yo
Nou te pase ekzakteman uit jou nan òfelina a. Nou te pase rès tan vwayaj la nan vizit depatman sid, pou plis presisyon nan masif Pak la kote w’ap jwenn tout mòn ki pi wo yo nan peyi d’Ayiti.
Nan òfelina a,mwen te jwenn anpil okasyon pou m’ te jwe ak timoun yo ni jèn yo tou pou nou pale ak yo. Vakans yo te kòmanse nan men jou nou te rive a ki se (9 jen).
Dènye timoun ki fenk rive yo byen adapte yo. Djeff de tanzantan ap montre yon konpòtman ki etranj. Petèt san nou pa doute, an Bèljik, li te pami sila yo ki te nan seksyon twoub atansyon yo (TDAH).
Pandan lèt yo t’ap fèt ansanm ak tout desen yo ki te gen pou voye bay parenn ak marenn yo, konpayon vwayaj mwen yo te banm yon kout men. Yo tou le twa te sezi okasyon pou yo jwe ak jèn timoun yo ni sa ki pi piti yo tou.
Papi Olès te pwopoze pou òganize twa entèvyou avèk jèn yo. Sete pou lapremye fwa. Tout fi ak tout gason yo nan kay Sen Franswa yo chak vin nan chita pale yonn apre lòt. Mwen te kòmanse chak konvèsasyon yo ak kesyon sa yo k’ap pèmèt men konnen nan ki mezi yo konnen pwòp tèt yo : ki mwayèn ou panse ou pral fè, nan ki matyè ou santi ou pi bon, nan ki matyè tou ou santi ou pi pasab. Kisa yo panse nan fason yo trete responsablite granmoun yo kite nan yo, etc…
Mwen te byen esplike yo ke sa enpòtan anpil pou yo byen konn tèt yo paske sa ap rann lavi yo pi fasil : e konsa w’ap kapab imajine anpil pwojè ; ou konnen ke ou kapab ; ou kapab gade tou si w’ap kapab rankontre ak atant lòt moun.
Dènye jou nan sejou nou yo te tonbe yon jou samdi. Nou te pase l’ ansanm nan lanmè, nan plaj Moulin-sur-Mer, yonn nan plaj nou te vizite an jiyè 2017 ak kèk nan jèn yo ni papi Olès. Se te yon jounen ki te reyisi. Timoun yo te apresye tout aktivite yo sitou pou bèl pisin sa.
Eta zòn yo – OSJOSMA – Timoun yo
Kòm vakans la te fenk kòmanse, mwen pa t’ kapab gade bilten yo menm jan mwen te konn fè sa déjà. Papi Olès te gentan verifye ke apre sèlman twa timoun, tout moun te fè mwayèn epi yo monte nan yon lòt pi gwo klas. Twa timoun ki te double yo se te Djeff, Guilène ak Sam. Ronaldo te double epi li reyisi san li pat bay tout li menm. Li dwe al kontinye fè de dènye ane li yo nan yon lòt lekòl. Se pral nan menm lekòl ak Wilken ki te twouve l’ nan menm sitiyasyon sa, depi kèk ane.
Twa fi, Nerlande ak de sè sa yo Milourde ak Myrna, pase de setyèm jiska dènye ane ansèymen segondè yo. Se vle di ke nou pral twouve nou, nan yon ane ankò, devan kesyon pou n’ konnen eske n’ap pèmèt yo kontinye etid yo. Sa pral depann yon chwa pozitif bò kote pa yo, men mwen pa gen dout sou sa, men jan mwen pa gen dout sou jwenn lajan pou objektif sa.
Sou kesyon sante, tout moun anfòm. Sèl Nerlande depi yon bon bout tan k’ap konfronte yon maladi etranj sou po li, men daprè dènye enfòmasyon yo, dòktè yo te jwenn sa ki fè sa epi Nerlande te kòmanse ap pran medikaman ki apwopriye yo.
Eta zòn yo – OSJOSMA – envèstisman ak lòt sijè
Sa yo se tout envèstisman yonn apre lòt nan ane ki te pase yo :
1) Chèche dlo : an janvye, nou te fini ak konstriksyon kay pou ponp la epi teknisyen bèlj nou yo te enstale enfrastrikti ki nesesè yo. Podjab, nou pa te jwenn dlo nan pi a nou te bay fouye a ki akote a. Erezman, nouvo ponp la te ede nou ak ansyen pi a, piti piti, nou kòmanse ap jwenn plis dlo. Pou kounye a, se anviwon 2.000 lit dlo pa jou. Konstriksyon kay ponp la ap bay nou posiblite pou nou fè dlo a ki soti nan sistèm gwo travay ponp yo, kanalizasyon yo ak flotè yo pou mennen l’ nan rezèvwa yo. Enstalasyon sistèm sa gen pou l’ fèt swa nan twazyèm vwayaj la pou ane sa oubyen nan vwayaj ane k’ap vini la. Se lè sa tou, tou de kizin yo pral gen yon robinè.
2) Sen Franswa: gen yon ensidan sou entalasyon elektrik la ki mennen nou achte yon nouvo batri. Li te rive nan konntenè a epi l’ap enstale nan mwa novanm; n’ap ka tou rekipere ansyen batri a.
3) Sen Jozef: nou te enstale menm jan tankou kay Sen Franswa (li gen pou li fonksyone yon fwa ke travay idwolik yo fini)
4) Sent An: kontinuite kontriksyon an.Tout gwo travaya yo tankou (masonaj ak dal beton an) an fini. Sa ki rete la se kouran an, pati twalèt yo, plafonnaj la ak makadam nan. Nòmalman, travay sa yo ap fèt pandan mwa sa yo ki twouve nan de pwochen vwayaj yo. (nan peryòd mwa novanm ak mas).
5) Plantasyon yo ak fèm nan
Menm jan tankou lòt ane yo, nou te konfwonte ak yon peryòd sechrès ki move ki te suiv ak yon peryòd anpil lapli. Malgre sa, rekòlt ane sa te pi bon ke sa ane pase a. Si pou nou ta raboure tout tè nou yo pou yo ta bay nou anpil rannman, malerezman mwayen nou pa t’ap pèmèt nou.
Olès te rekòmanse ak elvaj poul la. Pou kounye a, nou vin genyen ankò pwòp ze pa nou.
Elvaj kochon an toujou ban nou yon kochon ki rezève menm pou nou manje.
Kabrit yo ap manje trankilman, poutan bèt volaj yo beke libman.
6) Projè Rotary nan kolaborasyon avèk club de Genk Nord abouti, sanble tou, se te nan faz final. Ekip ki te responsab sèvis club la te bay apwobasyon l. Men, yo kenbe sèlman basen dlo a ak entalasyon dlo pa osmoz, anplis lakizin nan ak kreyasyon infimri a. Rotary a vle konsantre entansyon li sou nesete bezwen dlo a.
Pwojè
N’ap kontinye envèsti nan domèn ke nou te toujou aktif sou li yo pandan nou p’ap bliye rapò nou ak patizan lokal yo, ki se Olès ansanm ak tout ekip li a.
a) Envèstisman
a. Nou pral fè yon gwo pa an avan lè nou fini ak travay ki nan kay Sent An nan. Si nou toujou respekte plan travay la, gason ki gen laj majè yo ap ka ale nan kay la an 2020.
b. Vwayaj nan mwa novanm nan ap knsakre pou mete an sèvis nouvo batri a. Nou pral rankontre tou ak elktrisyen lokal yo pou nou wè ki kote nou pral plase kab yo nan Sent An epi kòman amenaje yo. Yo pral okipe yo pou yo pèse mi an dril. Nou gen pou nou plase entalasyon elektrik yo (Kab, priz yo, limyè yo) nan mwa mars 2019.
c. N’ap eseye ogmante rannman espas pou plantasyon an.
b) Rezidan yo
Pou kounye a nou gen 35 timoun ak jèn. An septanm 2017, de sè yo Islande ak Milanda ansanm ak Enelson te vin ajoute sou gwoup ki te la déjà. An janvye, nou te resevwa Djeff ak Manoucheca, ki se frè ak sè. Sa vle di ke Jèdeline, ki te depi lontan timoun ki pi piti a, vin jwenn kounya lòt timoun ki nan laj li.
Ti Lou, yonn nan ouvriye yo ki te konn travay lakay nou depi anpil ane, remèt nou demisyon l’ apre yon dezakò li te avèk Olès sou kantite travay li fè. Yo ranplase l’ Mito, yon moun nan laj trantèn ki soti Sen Rafayèl. Yo te ba li yon chanm pou siveye nan lannuit. Li vin genyen yon lòt misyon, se gadyen lanuit, ansanm ak lòt ti travay yo. Mwe te rankontre li sanble ke li genyen kont kalite pou yon edikatè. Li toujou patisipe yon fanson kòrèk nan lavi òfelina a.
Lakay nou
a) Parenaj yo
Parenaj yo ap grandi chak ane. Nou resevwa chak mwa anviwon 1.500 ewo, men, kanmenm, nou ta renmen li grandi toujou. Objektif nou se rive jwenn 100 ewo pou chak timoun. En comptant les cinq nouveaux, cela s’élève donc à 3.500 euros.
b) Suivi bidjè a
Bidjè chak mwa a ogmante pase de 4.300 à 4.500 dola. An 2018, nou pa t’ bay ogmantasyon sou kòb moun k’ap travay yo. Lavi chè a te stab pou de ane ki suiv yonn lòt sa yo. (nan moman m’ap redije tèks sa, nan mitan mwa daout, gen yon mesaj ki di m’ ke lavi chè reprann pye l’ ankò).
c) Atestasyon fiskal
Rekonesans ki pèmèt nou bay atestasyon yo ap kouri jiska lane 2020.
d) Sit entènèt ak paj facebook
Chak mwa, nou toujou bay nouvèl sou fonksyònman òfelina a. Tout enfòmasyon sa yo soti nan nan tout kontak telefòn mwen gen ak Olès. Nou aktive paj facebook pandan n’ap anonse dat fèt timoun yo, se yonn nan bagay ki pèmèt nou atire atansyon sou pwojè nou an. Pendan dènye vwayaj mwen yo, mwen toujou pwojte anpil foto ak mesaj. Tout reyaksyon yo ak apresyasyon yo montre nou ke mesaj yo byen resevwa.
Si ou ta renmen tande istwa sou vwayaj nou yo epi pou w’ wè foto yo tou, ou kapab ale nan sal Loweta a vandredi 19 oktòb 2018, kote nou pral genyen sware enfòmasyon chak ane yo. Antre a ap gratis. W’ap kapab, goute men jan nou konn fè l’ déjà bon soup byen gou ayisyen an.
Suiv nou sou sit wèb www.osjosma.be ak sou facebook “osjosma, good to help these kids”.
N’ap kontinye konte sou chak moun. Bay nou èd ou yon fason pou nou konstui lavni OSJOSMA a, ki se òfelina pa nou an !
Kenbe fèm.