2019 - mas ni oktob
Vwayaj soti 10 pou rive 25/03/2019
epi 30/09/2019 pou rive 20/10/2019
nan lane 2019, mwen te fè de vwayaj. Nan mwa mas, mwen te genyen yon sèl moun ak mwen ki se Luigi. Nòmalman, Anke ak Alex, yon jèn koup nan rejyon Bruxelloise la, te dwe akonpanye nou men yo te bay vag akoz ensekirite ki te gen nan peyi a. Yo te jwenn ak nou nan vwayaj oktòb la ki te gen ladan Jef ak Pierre. De dènye moun sa yo te akonpanye nou nan yon bon objektif ki se : tout travay teknik (elektrisite ak plonbri) nan kay Sent-Àn nan.
Sejou yo
Vwayaj nan mwa mas la te byen poze. Luigi ak mwen, nou te lwe yon machin, se sa ki te fè nou te kapab deplase byen fasil. Nou te itilize machin nan pou nou ale nan lanmè, konsa nou te kapab ale byen fasil Fò-Libète pou n’al rankontre Monsenyè Alphonse Quesnel, li menm ki depi anpil ane, fasilite konntenè antre, ladan yo nou te konn voye bagay yo. Nan okasyon sa Maudelet ak Deluxon te kapab pase yon nuit nan otèl la avèk nou.
Vwayaj oktòb la te gen plis animasyon. Gen kèk moman konn gen menm ven moun k’ap travay ansanm. Jef ak ekip pa li te responsab entalasyon elektrik nan Sen-Àn; de ekip jèn gason te fouye kanal yo ki Mennen tiyo yo ak kab enstalasyon yo; bòs la te jwenn èd pou l’ reitilize entay yo ki te gen nan kab yo; Pierre te enstale yon nouvo rakòdman pou ponp la epi tou Mennen dlo trete nan twa lakizin yo; Anke, avèk yon ekip te mete yo pou yo ranje pandan plizyè jou depo rad ak jwèt yo; Alex ap jwe ak timoun yo epi Olès ak mwen te konsakre anpil tan pou nou konsète epi planifye travay yo.
Malgre sa, Pierre te jwenn yo ti tan pou li fè de nouvo ban ak kèk nan gason yo. Yo mete yo anba pye mango a, avèk Jef li te fè tout sa ki nesesè pou monte dlo otomatikman nan twa chato dlo yo. Te gen yon ti pwoblèm paske nouvo sistèm sa dechaje batri yo nèt pandan lanuit. N’ap ranje sa nan vwayaj nou gen pou nou fè nan mwa mas 2020. Nan mwa oktòb, nou pa te pran chans ale nan lanmè ak timoun yo ni jè yo paske peyi te vrèman an boulvès. Nan manifestasyon yo, pèp la ap mande sitou nan vil yo pou prezidan an ale. Pou prekosyon nou te pran yon vòl lokal soti Pòtoprens pou ale nan yon vilaj ki tou pre Sen Michèl pou nou evite barikad sou rout yo. Pou nou fini nou te ale Akil Samdi pou rankontre Jeannine de Beleyr. Se te tou pa Osnel ak Ricardo pou yo te akonpanye nou.
Eta zòn yo – OSJOSMA – timoun yo jèn yo.
Nouvèl ki pi enpòtan an, se soti kèk nan jèn nou yo epi kòmansman etid siperyè twa premye medam nou yo. Nan sezon ete a, sa te di ke Westindjie te ansent, pou yonn nan kamarad lekòl li a. li fenk gen 18 tan nan mwa jen an la. Otorite yo egzije nou pou nou separe timoun yo ak sila ki vin majè yo. N’ap fè eksepsyon ak règ sa toutotan Sen-àn poko prè. Nou pa te gen lòt solisyon ke kite Westindjie soti pi rapid toujou. Li t’al jwenn fanmiy li nan mwa daout.
Nan mwa mas, nou te diskite avèk twa nan jèn yo paske yo p’ap kapab fini etid segondè yo.
Anderson (22) te benefisye yon eksepsyon pou li rete yon ane pou li ka fè klas 9èm ane a (ki se 3èm segondè pou nou). Si li reyisi l’ap kapab suiv yo fòmasyon teknik ki kout nan Gonayiv, ki se kapital pwovens la.
Maudeline (19) te byen kontan paske li pa t’ kapab kontinye lekòl li. Solisyon ki te pwopoze pou li ale lakay grann li a Pòtoprens te fè li kontan anpil.
Ivette (20) te chwazi li menm tou pou li ale Pòtoprens. Li kapab viv lakay sè li a ki genyen dizan anplis ke li.
Yo chak te resevwa yon bidjè 1.000 dola ki te bloke depi anpil ane sou yon kont depay ki te la pou tout timoun k’ap soti nan òfelina a. Li pi plis pase sa ki te enpoze nou yon lejislasyon ki te prevwa yon bidjè pou 100 dola.
Nerlande (23), Milourde (21) ak sè li Myrna (20) yo se premye moun ki fini etid segondè yo. Tou lè twa toujou fini chak ane lekòl yo ak bon rezilta konsa yo merite pou nou pèmèt yo antame etid siperyè yo. Yo tou lè twa chwazi lekòl USB (Unity School of Business) nan Pòtoprens kote yo pral chwazi yo bagay nan depatman « Touris » la. Gras ak amitye ke mwen genyen depi kèk ane avèk pè Jan Hoet, mwen te kapab mande li pou li resevwa yo, « nan yon chanm lwe » pandan moman etid yo.
Eta zòn yo – OSJOSMA – envètisman yo ak lòt bagay.
Men envèstisman ki pi enpòtan yo pou ane ki sot pase la:
1) An novanm 2018, nou te enstale yon nouvo batri epi nou te mete l’ nan rout. Premye batri a poko ititlize men nou te kenbe l’ an atandan kòm bakòp epi n’ap mete an sèvis nan moman ke Sent Àn ap fonksyone.
2) En janvye 2019, nou te kapab, aprè plizyè pale anpil, mete yon nouvo kondui pou dlo ki de tout fason rezève pou kay prensipal yo. Sa gen pou konsekans libere nou ak sousi nan chèche myayen pou n’ toujou jwenn dlo. Avèk 1.500 a 2.000 ke dlo dlo pi a bay depi nan travay nan mwa janvye 2018 la, nou vin gen kont dlo kounya, se sa ki te pèmèt nou plante legim. Nou te gentan jwenn pandan plizyè fwa chou, karòt, piman dous, ak pwawo.
3) Nan finisman 2018 – kòmansman 2019, Bòs te travay serye pou randi tout kay Sent-àn nan andedan tankou deyò.
4) Pandan vwayaj nan mwa mas la, entalasyon dlo trete a te vin fèt. Pou kounya a, nou kapab pwodui pròp dlo trete nou. Olès te reflechi tousuit pou l’ gade eske li pa t’ap rantab si nou ta vann dlo trete nou yo. Nan yon peryòd de 6 mwa, lavant sa rapòte nou 1.300 dola.
5) Tout basen yo te fèt nan sezon prentan, li te fè pati ansanm ak entalasyon dlo a, pwojè Rotari Klèb ke nou te kòmanse realize sa gen plis ke twa zan. Tout envèstisman sa yo te koute 34 000 dola,
6) Nan mwa jen pou septanm 2019, Monsley, yon ansyen timoun òfelina a te mete tout fè fòje yo nan kay Sent-àn nan. Li te achte materyo yo Sen Domeng epi li te tou pase yon kouch penti sou yo. Pandan vwayaj oktòb 2019 la, nou te fè montaj enstalasyon elektrik kay Sent-àn nan avèk materyo ewopeyen. Sèlman priz yo ki soti Eta Zini. Materyo sa yo pi fyab ke sa nou te kapab jwenn sou plas yo epi ki jeneralman soti an chin.
7) Se kay Sent An ki te premye benefisye twa tip dlo yo : nan lakizin nan yon wobinèt bay dlo trete ki soti depi nan kay ponp la. Douch yo menm jwenn dlo depi nan chato yo ki plase sou tèt kay la ki toujou plen pa dlo ki soti nan kanalizasyon an, epi twalèt yo rense ak dlo ki soti nan yon lòt resèvwa, ki sou dal la men ki plen pa dlo ki soti nan yon basen anba kay Sent-àn nan menm.
8) Alimantasyon tout tank pou dlo yo otomatik gras ak yon sistèm ki rele flotè. Tout pwosesis sistèm sa ap fini an 2020, paske dwe gen yon pati ladan ki soti nan jeneratè a. Pi a vin genyen yon pi bon pwoteksyon ki soti nan ponp la pou ale nan enstalsyon an epi ki fini ak yon devyasyon ki mennen nan espas kote medam yo ap lave a. Konsa yo evite ap bwote bokit dlo lou nan long distans. Se pou premye fwa rekòt la fè siksè. Tout sa se gras ak bon kondisyon klimatik epi petèt tou se chanjman teren ke yo te pwopoze nou an. Teren ki pa dèyè a ke nou te lwe nan Ti Mango a te chanje kont yon lòt pi bon teren ki gen pwent tèt li sou rout prensipal la epi ki twouve l’ a 10 minit mache soti nan òfelina a,
9) Ansyen femèl bèf la bay yon pòte. Li bay yon ti femèl bèf ke nou ka kite la pou rebay pitit amkò.
10) Nan pak kochon an, li toujou gen ti kochon. Konsa nou kapab touye a chak peryòd. Nou swete touye ankò pwochènman pou nou manje.
11) 1e oktòb, nou angaje Yanskian Thelismond kòm edikatè an chèf. Ekip edikatè yo genyen ladan pou kounye a li menm ak Junior ki travay lakay nou demi jounen depi anpil ane. Depi nan kòmansman, Yanskian montre ke li se yon nonm ki envèsti avèk antousyas nan travay li. Prèv la se sou tout rapò li toujou ap voye sou whats app li. Yanskian angaje tou kòm kòm responsab teknik. Avèk li menm nou kapab konble vid ki te genyen ant moun ki pou detekte pwoblèm epi moun ki pou rezoud yo. Avèk Jef epi mwen menm, li toujou kominike ak nou konsènan kouran epi lòt sijè.
Pwojè
N’ap kontinye devlope domèn yo ladan yo nou toujou rete aktif ak tout gran respè pa rapò patnè lakal la, ki se Olès avèk tout ekip li a.
a) Envèstisman yo
a. Nan Sent An, nou respekte plan an. Moun k’ap poze mozayik la ap kòmanse an 2019. Apre sa se fenèt ak pòt anndan yo. Nan vwayaj prentan 2020 an, Jef ak Pierre ap akonpanye nou pou yo fini travay yo nan elektrisite a ni nan plonbri a tou yon fason pou kay Sent An nan kapab sèvi nan fen mwa juin, kòmansman jiyè. Pou kounye a, n’ap chèche mwayen pou nou kapab meble kay la. Yon sponsò déjà bay 3.000 ewo, men n’ap chèche ankò plizyè fwa sòm kòb sa. Bagay ki diferan ki te pase nan lòt kay yo, kote timoun yo te vin abite pwogresivman, men la nou dwe fè plis ke 10 jèn (granmoun) yon sèl kou.
b. Pou Sent An, nou dwe angaje ankò yon lòt edikatè k’ap responsab pou tou tan epi k’ap byen siveye.
c. Rekòt Jaden an bay yon pi bon randman ke sa nou te wè deja (gade nan rapò 2018 la), men nou kapab fè pi bon toujou. Si nou ta gen mwayen, byen si nou t’ap fè plis. Pandan tan sa, nou deja rekòlte pistach epi nou fè pwòp manba pan ou.
b) Rezidan yo
Si lajan nou antre yo pèmèt nou, nou gen entansyon, apre gran vakans 2020 an, pou nou repran kèk timoun ankò. De tout fason nou gen plas pou 40 moun.
Etid twa medam nou yo nan Pòtoprens koute anviwon 7.000 dola US. Salè ke nou te pwomèt ak Yanskian nan monte jiska 220 ewo pa mwa. Se yonn nan rezon ki fè nou ogmante salè Olès la, direktè a, ki pase de 2.100 dola us a 3.000 dola us chak ane. Montan sa yo enpòtan, se sa ki esplike poukisa n’ap chèche lajan anplis ki pa ka bese.
Lakay nou
a) Parenaj yo.
Parennaj la rapòte pou nou chak mwa 1.400 ewo (ane pase 1.500 ewo). Nou swete kanmenm reprann pwogresyon an avèk objektif pou nou jwenn 100 ewo pou chak tiomun chak mwa.
b) Suivi budjè a
Bidjè pou chak mwa a vin ogmante li pase de 4.500 a 4.750 dola. Pou 2019 la, nou te bay moun k’ap travay yo yon ogmantasyon konsekan. Enflasyon an pa jwe, li plis ke 20 % sou baz anyèl la. Pou sa, nou pa kontante nou nan yon operasyon ratrapaj.
c) Atestasyon fiskal
Otorizasyon pou bay atestasyon fiskal yo ale jiska 2020. Nan sezon prentan 2020, nou ta dwe antre yon nouvo dosye ki dwe nòmalman aprouve pou yon peryòd 6 zan.
d) Sit entènèt ak paj facebook
Chak mwa nou publiye enfòmasyon sou fonksyònman òfelina a. tout enfòmasyon sa yo soti nan anpil kontak nou genyen avèk Olès epi kounye a tou avèk Yanskian.
Nou itilize paj facebook la, pou nou kapab fè konnen pi byen anons anivèsè timoun yo. Nan moman dènye vwayaj mwen an, mwen mete anpil foto ak anpil kòmantè.
Al twoupe sou sit entènèt la epi tou sou paj facebook nou an, nou fè piblisite pou envite moun achte a pati www.trooper.be/osjosma. Chak acha yo rapòte yon ti pousantaj ki pa koute anyen pou kliyan an. Se pa yon gwo lajan men tout ti bagay ki piti konte.
Eske ou ta vle patisipe nan repa chak ane nou an? L’ap fèt tankou chak ane nan dimanch lapannkot la. Pwochèn fwa l’ap fèt 31 mai 2020.
Si ou ta tande tout sa ki te pase nan vwayaj nou an epi gade foto yo, ou kapab ale nan sal Loweta a vandredi 13 novanm 2019, kote n’ap genyen swareenfòmasyon anyèl la. Antre a gratis. Ou kapab goute tou bon ti soup peyi d’Ayiti a.
Suiv nou sou sit entènèt www.osjosma.be ak sou paj facebook osjosma a ki se, Good to help these kids.
N’ap kontinye konte sou nou chak separeman. Bay nou soutyen ou pou ke ansanm nou bati avni OSJOSMA a, ki se òfelina pa nou an.
Kenbe fèm.